Dominiken ap vann Ayiti manje ki fèt an Ayiti

IMG 20240613 WA0005Ansapit se youn nan komin fwontalye ki twouve l nan depatman Sidès peyi a. Nan dezyèm seksyon komin sila ki rele “Nan Bannann”, yo pwodui anpil manje. Men akoz nanpwen wout nan zὸn nan epi tou ak ensekirite a ki enstale sou wout nasyonal #8 la, peyizan nan zὸn sa oblije travèse fwontyè a pou al vann pwodui sa yo kay vwazen, anpil fwa nan pri Dominiken vle. Sa rive tou, Ayisyen ki nan bouk Ansapit la travèse al achte nan mache Pedernales (RD) menm pwodui sa yo byen chè nan men Dominiken paske yo pa rive jwenn yo sou plas.

Se nan sans sa a n ap envite w klike sou lyen ki anba a pou w gade repὸtaj sa a jounalis repòtè Pierre Michel JEAN reyalize pou Ayibopost, gras ak yon sibvansyon FOKAL, sou sitiyasyon peyizan yo nan komin sila.

 

 

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL