FOKAL kòmanse resevwa demann sibvansyon pou ane sa depi 8 fevriye 2021. Nouvo demann yo pral fèt depi sou sit entènèt www.fokal.org nan yon fòmilè ki la pou sa. FOKAL pa resevwa okenn nouvo demann papye oubyen nan imèl depi fevriye 2016.

Sibvansyon ki atribiye yo nan kad projè Matisan yo pa konsène. Pou jwenn enfòmasyon sou sibvansyon ki gen rapò ak projè FOKAL nan Matisan yo, mèsi paske w ap ranseye w nan biwo pak Matisan. Tel: 28 13 16 95 email: Cette adresse courriel est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

Program Bibliyotèk k ap jere dirèkteman sibvansyon bibliyotèk yo nan rezo sa e p ap finanse nouvo bibliyotèk.

Dokiman ki ekzije se menm, men fòmilè ki an liy lan pèmèt yon pi gran klate nan demann yo voye bay FOKAL, sa ki fè analiz dosye yo fèt pi rapid e sistematik. Li pral posib ou chwazi twa kategori sibvansyon:

  • Atizay ak Kilti ;
  • Apwi pou etid ;
  • Lòt sibvansyon. Dènye kategori sa regroupe sibvansyon yo ki konsène program Medya, ni tou aks priyoritè yo ki se dwa moun yo ak devlopman dirab.

Li enpòtan pou byen konprann komite sibvansyon an pral difisil pou l asepte sibvansyon ki deyò tèm ki prezante yo.

Pou fasilite soumisyon demann lan, yon titoryèl k ap eksplike chak etap demann lan. Pou chak kategori tou, lis dokiman pou w bay yo te prezante nan komanse prosesis la. Lis sa sanble ak sa FOKAL te deja mande pou tout demann yo.            

 

 

Prosesis swivi

Yon fwa fòmilè ki te ranpli a epi dokiman pou te bay yo te fin telechaje, li pral sifi pou klike sou atestasyon ekzatitid enfòmasyon w bay yo. Lè sa a, fòk ou tape yon kòd aleyatwa. Yon fwa ou te fin klike sou « Soumèt » w pral resevwa yon imèl konfimasyon. Li enpòtan pou w gen yon adrès elektronik ki fyab, kote w ka konsilte l regilyèman paske enfòmasyon yo sou sibvansyon an pral fèt sitou sou imèl. Komite sibvansyon yo reyini chak de (2) mwa, repons ak demann ou an pral pran ant yonn (1) ak twa (3) mwa.

N.B. FOKAL pa pral resevwa ankò demann papye oubyen nan imèl

Ekzijans navigatè a 
Firefox 4+
Chrome 80+
Opera 10+
Microsoft Edge

Si ou gen difikilte, mèsi dèske w verifye pwen sa yo :

Panse mete navigatè w ajou (Chrome, internet explorer, Mozilla ou Safari).

Eske w te remake yon mesaj konfimasyon nan yon kaneva vè, (pi wo paj la) yon fwa fòmilè la soumèt ?

si wi, tanpri verifye dosye SPAM oubyen JUNK imèl ou;

si non, tanpri tcheke diferan pwen sa yo ki anba;

1.- Verifye chak dosye telechaje (Upload) nan direksyon platfòm nou an ki pa depase twa Mb Megabit.

2.- Li posib yon ti kout entèripsyon nan koneksyon ou an kapab pètibe pandan soumisyon an.

3.- Menmsi limit restriksyon aplikab ak yon fichye ki diferan e pa ak tout fichye yo, si w genyen plizyè fichye, note tan telechajman pral yon tijan pi wo

4.- Aprè plizyè tantativ avèk yon kòd kapcha, tanpri fèmen navigatè (Chrome oubyen Firefox, n ap konseye w de sa yo) e relanse navigatè a pou eseye soumèt li ankò.

5.- Gen kèk koneksyon enstab ki ka anpeche tout pwosesis aplikasyon an.

6.- Ranpli fòm demann lan gen yon sesyon, sepandan nenpòt sesyon pral fèmen apre yon peryòd inaktivite, pou egzanp yon (1) èdtan nan tan.

7.- Menmsi limit karaktè yo se milsenksan, eseye limite tèks ou an nan miltwasan karaktè paske tout espas yo te konte. Ou kapab toujou telechaje enfòmasyon adisyonèl ou jije ki nesesè.

Ou kapab ekri nan « Kontakte nou » sou sit FOKAL la si w gen kesyon oubyen difikilte.

 

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com