Yon pri ekriti pou yon ansyen debatè pwogram Inisyativ Jenn nan

Claudia Jeune Debat Jacmel prix

Claudia Petit-Jean, se non yon ansyen debatèz klèb Jakmèl la, ki ranpòte yon pri ekriti jou 2 novanm 2020 an. Claudia soti premye nan yon final ki te genyen 5 kandida, ladan yo li menm sèl kòm fi, nan dènye etap konkou ekriti sa.

Konkou sa, inisyativ Fondasyon Sephora Moron, òganize nan lide « pou onore konsesans e pou fè pwomosyon pou ledikasyon » selon responsab la. An tou, 30 jenn te patisipe ak yon tèks sou sijè ki di konsa an franse : « L’illétrisme un mal endémique chez nos adultes, comment y rémédier ? ».

Nan yon premye tan, jiri a te kenbe 5 patisipan sou 30 la, epi final la te òganize 2 novanm ak 5 sa yo, pou chwazi moun k ap genyen an.

Konpetans Claudia kòm debatèz te itil li anpil pou li pran avans sou konpetitè li yo, nan eprèv reponn kesyon jiri a. Jisteman, Claudia te bay yon repons solid a kesyon pa li a, ki di jiri a se li ki te merite final sa.

Claudia en 2016Ansyen debatèz klèb Jakmèl la soti ak pri a e tou avèk prim ki te ale ak li yo : yon twofe, yon òdinatè, liv, ak yon kachè espesyal. « Mwen erije m an model pou lòt jenn yo, pou di yo pa gen yon pakou reyisit si pa gen baz ledikasyon, mwen vle di yo lwazi enpòtan, men yo pa dwe lage yo nan debòch, men plis mize sou ledikasyon », se konsa li te eksprime li devan Laprès apre siksè li a.

 

 

 

Photo 2: Claudia, nan lane 2016, nan tounwa Jakmèl kote li te soti meyè debatèz. 

 

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL