FOKAL
Fondasyon Konesans ak Libète kreye an 1995 e li gen rekonesans itilite piblik depi an 2000. Se yon fondasyon nasyonal ayisyen ki jwenn finansman prensipalman nan men Open Society Foundations (OSF). OSF se yon rezo fondasyon ak inisyativ ki tabli atravè mond lan gras ak finasye Ongwa Ameriken ki rele George Soros la e k ap fè pwomosyon pou valè demokratik yo. FOKAL resevwa tou finansman nan men Inyon ewopeyèn ak Koperasyon fransèz.
Kijan FOKAL kreye
Fondasyon an pran nesans nan mwa avril 1995, aprè Karen J. Greenberg, Vis-prezidant pwogram yo nan Open Society Institute nan epòk la (ansyen non OSF lè filantwòp Georges Soros te kreye l nan ane 80 yo), te bay Michèle Duvivier Pierre-Louis manda pou sa. Pou konnya, yo konn rezo sa, ki gen ladan l fondasyon, pwojè ak enstitisyon patnè, e ki tabli nan plis pase yon santèn peyi, sou non Open Society Foundations (OSF).
Aryeh Neier, ki se te prezidan Open Society Institute (OSI) nan moman an, se premye moun ki te kontakte Michèle D. Pierre-Louis, nan mwa janvye 1995, Pòtoprens. Aprè sa, Michèle D. Pierre-Louis pral jwenn envitasyon pou l al rankontre Georges Soros, ki se te alafwa fondatè epi prezidan OSI, Nouyòk nan mwa fevriye menm ane a. Rankont sa pral debouche sou desizyon pou yo konfye l kreyasyon yon fondasyon an Ayiti. Touswit aprè Michèle D. Pierre-Louis pral jwenn yon manda ofisyèl ki soti kay yon notè ki ba l dwa siyen zak konstitif la, estati yo ak tout zak ki nesesè pou mete kanpe Fondasyon Konesans ak Libète ; rasanble tout sa k gen valè oubyen tout montan lajan nesesè pou Fondasyon sa.
An jiyè 1995, fondatris FOKAL la, Michèle D. Pierre-Louis, rele sèt benevòl pou l fòme premye konsèy administrasyon an. Se atik 4 estati FOKAL yo ki bay fondatris la pouvwa pou l nonmen manm premye konsèy administrasyon an. Manm sa yo gen estati benevòl e yo pa dwe touche pou sa.
Nan dat 14 jen 1996, aprè l te fin anrejistre yo, notè Garry Brisson Cassagnol transmèt ofisyèlman estati Fondasyon Konesans ak Libète yo bay majistra Pòtoprens lan, pou l voye yo nan Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal, pou l pibliye yo. Depo estati yo te fèt an prezans temwen sa yo : Lorraine C. Mangonès ak Evens Toussaint, ki se te direktris ki vini aprè a ak direktè finansye.
Nan dat 21 avril 1997, majistra Pòtoprens lan, Joseph Emmanuel Charlemagne, voye sètifika enskripsyon Fondasyon an nan rejis espesyal komin Pòtoprens lan bay Minis enteryè nan epòk la, Jean Joseph Molière. Sètifika sa pibliye nan jounal ofisyèl Monitè (nimewo 8, 154riyèm ane l), nan dat 28 janvye 1999. Ane aprè a, FOKAL jwenn nan men Gouvènman an deklarasyon itilite piblik la ki ba l pèsonalite jiridik, ki parèt nan Monitè nan dat 4 me 2000 (nan nimewo 35, 155yèm ane l).
Atik 3 estati l yo define vizyon enstitisyon an: fè pwomosyon pou estrikti nesesè yo k ap pèmèt nou tabli yon sosyete demokratik, jis epi solidè, k ap sousye l de devlòpman edikasyon an ak kominikasyon lasyans ak kilti.
Konsèy administrasyon FOKAL
Konsèy administrasyon FOKAL la bay gran oryantasyon fondasyon an. Li reyini pou pi piti kat fwa nan yon ane pou l swiv kijan aksyon ki te apwouve yo ap dewoule. An janye 2015, Maxime D. Charles, ki se alafwa jiris epi ekonomis vin prezidan aktyèl konsèy administrasyon an, li ranplase nan pòs sa madan Danièle Magloire, ki li menm se sosyològ epi militan dwa moun.
Prezidan an gen dwa bay Konsèy la lòd pou l reyini oubyen pou l modifye estati yo, ko-siyen ak diektris la deklarasyon ofisyèl yo, reprezante konsèy fondasyon an lè gen rankont rezo Open Society Foundations yo chak ane ; li gen dwa siyati sou kont Fondasyon an genyen labank menm jan ak direktris egzekitiv la, direktris finansyè a ak direktris ki vini aprè a. Vis-prezidan an ranplase prezidan an lè l pa la. Sekretè jeneral la valide epi siyen pwosè vèbal konsèy administrasyon yo. Konseye yo apwouve menm jan ak lòt manm nou sot site la yo, gran oryantasyon direktris egzekitiv la prezante yo. Yo pa gen dwa siyati sou kont Fondasyon an genyen labank ak deklarasyon ofisyèl li yo, sof si, men sa pa rive fasil, yo ta jwenn manda majorite manm konsèy administrasyon an ak direktris egzekitiv la pou sa.
Manm premye konsèy administrasyon an an 1995:
Prezidan : Frè Franklin Armand, ki se fondatè de lòd relijye endijèn nan Plato santral : les Petits Frères de l’Incarnation (1976) et les Petites Sœurs de l’Incarnation (1985)
Vis-prezidant : Inette Durandis, agwonòm, k ap dirije depi 1992 pwojè devlòpman legliz metodis an Ayiti ap mennen yo (Eglise Méthodiste d’Haïti – EMH).
Sekretè : Michèle Montas, jounalis, direktris sal nouvèl Radio Haïti Inter.
Konseye : Daniel Henrys, medsen espesyalize nan sante kominotè ak nan sante piblik, manm fondatè Service ɶcuménique d’Entraide (SOE).
Konseye : Moïse Jean-Charles, kòdonatè Mouvman Peyizan Milo, ki te apèn vin majistra Milo.
Konseye : Luc Pierre, pwofesè nan Lekòl nòmal siperyè epi nan Fakilte lengwistik aplike. Otè liv : Education et enjeux socio-économiques.
Konseye : Pè Hugo Trieste, manm kongregasyon Scheutt yo, manm Komisyon Jistis ak Lapè depi 1989 ak Platfòm òganizasyon ayisyen k ap defann dwa moun yo depi 1991.
Prezidan konsèy administrasyon FOKAL yo soti 1995 pou rive jis konnya
- Frè Francklin Armand : jiyè 1995 pour rive novanm 1998
- Inette Durandis, agwonòm : novanm 1998 pou rive jen 2006
- Docteur Daniel Henrys : jen 2006 pou rive septanm 2008
- Danièle Magloire, sosyològ : septanm 2008 pou rive janvye 2015
- Maxime D. Charles, jiris, ekonomis : janvye 2015 pou rive jis konnya
Diferan manm Konsèy administrasyon an ak manda yo soti 1995 pou rive jis konnya
Luc Pierre (Jiyè 1995 – Septanm 1997), Konseye
Moïse Jean-Charles (Jiyè 1995 – Jiyè 1998), Konseye
Pè Hugo Trieste (Jiyè 1995 – Oktòb 1998), Konseye
Doktè Daniel Henrys (Jiyè 1995 – Fevriye 2009), Konseye (1995-1998) Vis-prezidan (1998-2006), Prezidan (2006-2009)
Michèle Montas (Jiyè 1995 – Desanm 2001) Sekretè
Inette Durandis (Jiyè 1995 – Jen 2006) Vis-prezidant (1995-1998), Prezidant (1998-2006)
Frè Francklin Armand (Jiyè 1995 – Desanm 2001) Prezidan (1995-1998), Konseye (1998-2001)
Abner Septembre (Novanm 1998 – Avril 2005) Sekretè
Smarck Michel (Novanm 1998 – Fevriye 2002), Konseye
Vertus Saint-Louis (Novanm 1998 – jiskaprezan), Konseye
Danièle Magloire (Desanm 1998 – jiskaprezan), Sekretè (1998-2008), Prezidant (2008-2015), Vis-prezidant (2015-…)
Doktè Nicole Magloire (Jen 2002 – Mas 2015), Vis-prezidant
Patrick Vilaire (Novanm 2002 – Fevriye 2009), Konseye
Norma Powell (Oktòb 2009 – jiskaprezan), Konseyè (2009-2015), Sekretè (2015-…)
Maxime D. Charles (Avril 2010 – jiskaprezan, Konseye (2010-2015), Prezidan (2015-…)
Me. Jean-Joseph Exumé (Juin 2015 – jiskaprezan), Konseye
Biwo egzekitif FOKAL aktyèlman :
Michèle Duvivier Pierre-Louis, Prezidant Fondasyon an (Direktris Egzekitiv soti 1995 pou rive 2008)
Lorraine Mangonès, Direktris Egzekitiv
Marie Edmonde Jeune, Direktris Finansyè
Elizabeth Pierre-Louis Augustin, Direktris Pwogram yo
Premye vizit Georges Soros pou rankontre Fondasyon an : novanm 1998
Dezyèm e dènye vizit li : novanm 2008