Pak Matisan

Jardin medicinal1Pwojè pak Matisan an nan zòn amenajman konsète a kouvri yon zòn ki mezire 17 ekta ki plen pye bwa. Teritwa pwojè a yon dekrè prezidansyèl te deklare k gen yon itilite piblik an 2007 nan lide pou fè pak Matisan an, gen ladan ansyen Abitasyon Leclerc a, rezidans Pauline nan, rezidans Katherine Dunham nan, pwopriyete Destouches la, ak ansyen rezidans fanmi Mangonès la. Fokal, daprè manda leta ba li, ap travay kounya ak lòt patnè enstitisyonèl piblik ak prive, sitou Inyon ewopeyèn ak gouvènman ayisyen an sou pwojè pak Matisan an. Li gen de pati. Premye a konsène amenajman ak ouvèti pak natirèl la pou piblik la an jeneral. Se sèl forè ki anndan vil ki mezire 17 ekta nan kapital ayisyen an. Li twouve l anndan yon gwo katye defavorize, Matisan. Dezyèm lan konsène travay san kanpe FOKAL nan katye a pou amelyore kalite lavi nan Matisan epi ankouraje aksyon sivik responsab nan zòn nan.

Depi avril 2017, Pak Matisan an te vin yon pak nasyonal ki nan vil pa yon arete prezidansyèl (PNU-MAR).

 http://www.parcdemartissant.org/index.php/le-parc/le-territoire-du-parc

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL