Zòn amenajman konsète Matisan an
Zòn amenajman konsète Matisan an te kreye pa yon arete prezidansyèl an 2007. Se yon sit ki gen yon sipèfisi 1,5 km2 oubyen 150 ha, ki twouve l ant dezyèm seksyon kominal Pòtoprens, ki se Mòn Lopital, ak Matisan, twazyèm seksyon kominal la. Mòn Lopital la kole ak mòn Lasèl, nan sid kapital ayisyen an. Tèt mòn nan se Pik Foumi (1044 m) tou prè Boutilye. Lè lapli tonbe, tout dlo ki soti Mòn Lopital yo al tonbe nan ravin Bawadchèn ki travèse sant Pòtoprens ak nan ravin Sale ki debouche sou Matisan. Donk se yon zòn espesyal ke meri Pòtoprens delege a yon enstans piblik pou l amenaje l.
Nan ka ZAC Matisan an, se UCLBP (Unité de construction de logements et de bâtiments publics) nan MTPTC (Ministère des travaux publics, transports et communication) ki responsab chema amenajman an.
Aks entèvansyon yo
Gen senk gwo aks ki defini pou aktivite kreyasyon pak la nan ZAC la
Dlo ak asenisman
Pou aks « dlo ak asenisman » gen plizyè entèvansyon k ap fèt an kolaborasyon ak Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman (DINEPA), epi an kòdinasyon ak operatè ki chaje l de aksyon sou aksè a dlo potab, pwoteksyon perimèt sous ak ravin yo nan zòn riral zòn amenajman konsète a, epi asenisman likid. FOKAL responsab amenajman ravin Mangonès la. Jesyon fatra yo fèt ak Sèvis metwopoliten k ap kolekte epi ranmase fatra solid yo (SMCRS), jesyon enfrastrikti yo fèt ak Sèvis antretyen ekipman iben ak riral yo (SEEUR), nan tèt kole ak kominote katye a daprè yon metòd ki favorize benevola.
Rediksyon pwoblèm sekirite yo nan zòn nan epi sitwayènte
Aktivite elektrifikasyon ak mizanplas ekleraj piblik ak konpayi piblik (EDH) ak gwoup katye yo ap fèt nan aks sa. Kreyasyon yon Sant resous kominotè ak sèvis piblik Leta yo, UCLBP, Meri Pòtoprens ak eli lokal yo (ASEC / CASEC) prevwa tou. Travay konstriksyon sant lan te kòmanse an 2017. Se yon fason tou pou fè pwomosyon chema amenajman an ak règleman ibanis yo bò kote moun ki rete nan zòn nan.
Devlòpman ekonomik epi anviwònman
Nan yon sousi devlòpman ekonomik ak pwoteksyon anviwòman, yo prevwa kreye yon zòn tanpon epi pwoteje perimèt sous Leclerc a ant pati ki ibanize ak pati riral ZAC la. Yo prevwa kreye tou, anndan Sant resous kominotè a, « kay biznis la » pou ankadre ti biznis yo, epi mete kanpe yon pwogram akonpayman pou amelyore kay kote moun ap viv yo. Ekip la ap devlope tou aktivite kreyasyon jaden bò vil yo ak moun k ap viv nan katye a.
Inovasyon epi ekselans nan domèn edikatif
Plis pase 150 elèv ki nan lekòl ki nan katye a epi ki abitye fè bèl mwayèn jwenn bous chak ane. Pwojè a ap fè aktivite sansibilizasyon ak pwomosyon pou anviwònman an, prevansyon risk ak dezas yo, ak prevansyon nan sante nan tout lekòl ki nan ZAC la ak elèv yo, pwofesè yo, moun k ap travay nan lekòl yo ak paran yo.
Sante-dwa
Prensipal misyon pwojè sante-dwa a se akonpaye popilasyon an nan Zòn amenajman konsète (ZAC) Matisan an pou pi bon enfòmasyon ak fòmasyon moun ki gen konesans sou pwoblèm sante. Kidonk, FOKAL ap mennen yon kanpay kont viris yo nan katye a nan mobilize volontè ki idantifye epi trete ma dlo ki kale moustik yo, fè fimigasyon pou anpeche pwopagasyon moustik yo. Pwogram nasyonal batay kont malarya, lafyèv deng, Chikoungounya, Zika ak filaryoz lenfatik nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) an rete yon patnè kle. Anplis de sa, ekip la mennen tou ankèt sosyo-sanitè pou yon pi bon konpreyansyon sou sitiyasyon lijyèn ak sante nan katye a.
http://www.parcdemartissant.org/index.php/le-quartier/zone-d-amenagement-concertee/61-zone-d-amenagement-concerte