IJANS, Dezyèm nimewo revi Fotopaklè a, ap soti 28 avril sa. Dekouvri editoryal ki pibliye nan nimewo a

IJANS pou Kominikasyon Fokal4Vant sitayi IJANS, dezyèm nimero revi fotografi dokimantè Kolektif 2 Dimansyon an (K2D) ki rele Fotopaklè, ap fèt jedi 28 avril k ap vini an nan restoran Café Tap-Tap nan Pòtoprens. 
Nimewo sa a, ki rele IJANS, ap atake li a pwoblematik anviwonman an k ap degrade nan peyi Ayiti. Pri revi a nan jou a se ap 1,500 goud. 
IJANS se yon travay trèz kontribitè ak espesyalis nan sèten pwoblèm anviwonmantal ki te pwopoze tèks ki poko pibliye sou yon peryòd kat (4) lane. Magazin nan genyen 352 paj.

Dekouvri editoryal ki pibliye nan nimewo sa : 

Dènye lè

Jounen jodi a, nan mond lan, gen yon pakèt deba ki alafwa enteresan epi pasyonan k ap fèt sou pwoblèm rechofman klimatik ak tout konsekans li trennen dèyè l yo. An Ayiti yon peyi ki chaje pwoblèm anviwonnmantal ijan, malerezman jiskaprezan poko gen anyen k ap fèt. Se kòmsi menas yo pat fèt pou nou. Nan peyi isit, save yo plis fè deba yo sou kesyon ki gen rapò ak ensekirite pran pouwa, grangou, kolera, elatriye olye yo pale koze anviwonnman. Poutan, kèk gout lapli sèlman sifi pou fè nou sonje nan ki eta nou frajil. 

Se nan lojik pou koupe fache ak kalte konpòtman ki chita sou enkredilite ak ireskonsabilite Leta isit, Kolektif 2 Dimansyon (K2D) – ki rasanble fotograf, redaktè ak videyas – deside sòti nan silans li pou l atire atansyon nou sou nesesite pou nou sove ti bout tè sa. Nan de (2) minit l ap fè minwi kidonk (Pa rete tan ankò). Nou kwè anpil nan wòl fotografi sosyal la ak dokimantè genyen nan kale je lektè yo sou sa k ap pase nan sosyete a. Se poutèt sa nou deside montre vinelrablite peyi a devan fenomèn sila a, ekspoze epi denonse pwoblèm yo, men tou nou vle patisipe nan rezolisyon k ap gen pou pran yo. Se nan dinamik sa a, ki prèske gen yon fòm militans, n ap rantre tèt nou. 

Sijè ak zòn nou fotografye nan dezyèm nimewo revi Fotopaklè sa a pa etranje pou nou. Genyen nan istwa yo se eksperyans yon pwòch youn nan nou oubyen istwa yon kote youn nan nou sòti. Se sak fè pandan tout travay nou an, premye sousi nou se te montre avèk konpasyon, respè epi solisitid kidonk mounite sijè nou fotografye yo. 

Nou fè sa, san n pa jete anyen, san nou pa fè sansasyon men sitou san paspouki pou moun ki di yo se reponsab yo. Nou montre bagay yo jan yo ye a! Misyon revi sa a se pou rakonte istwa nou, pèmèt nou ale jwenn lòt yo pou ansanm nou eseye rekonstwi fondasyon viv ansanm ak ospitalite ki te genyen nan peyi a. 

Se nan yon langaj senp san pase sou kote sitou san may nou deside prezante sa nou rive dekouvri sou sitiyasyon tèt chaje anviwonnaman peyi a. Fè yon revi pou pèmèt moun yo viv emosyon, fè plis rankont olye degizman jan yo abitye fè li isit. Se objektif sa nou te fikse tèt nou lè n te kòmanse revi sa a. Si te gen istwa ki te kache kote pou je pa wè yo, nou rive mete men sou tout epi dezabiye yo nan kad travay sila a. Imaj sa yo n ap gade la se yon radyografi san fòs kote, yon peyi yon gwoup dirijan fin deplimen epi lage l de bwa pandye avèk yon latriye fanm ak gason ladann l k ap fè fas chak jou pi plis ak divès kalte ensekirite ki pa sispann pran jarèt. Ijans !

Plizyè fwa, dirijan nan peyi isit konsakre tout yon lane, plizyè enstitisyon, yon pakèt gwo evènman, dine gran panpan, lanse gwo pwojè epi debloke anpil nan lide pou jwenn bout pwoblèm anviwonmantal peyi an. Poutan sou tèren an, nou remake pa gen anyen serye k ap regle, men se pito jis kèk taktik yo itilize pou kase fèy kouvri sa. Pale anpil k ap fèt chak fwa yon katastwòf frape peyi a. Lè nou al rankontre moun yo sou tèren an, se avèk gwo tristès n ap konstate nan ki eta y ap viv. Nou dwe moun sa yo anpil bagay, yo prèske pa mande anyen, poutan yo pa jwenn anyen. Yon sitiyasyon ki endinye nou kòm jounalis, jounen jodi a piske n ap pèdi vwa nou plis chak jou pi plis, pafwa nou santi nou nan menm sitiyasyon ak moun sa yo. 

Konsekans eksplwatasyon min yo sou anviwonnman zile a, itilizasyon sab lanmè pou fè kay ki tou mal konstwi pi douvan ki vin donnen tout kalte bidonvil, kay kole ak krache ki pran sant Kapital la daso, ibanizasyon Mòn lopital, debwazman tèt mòn ak plenn yo, move jesyon fatra yo, sechrès ki pa janm sispann taye banda nan divès zòn nan peyi a, rapò move vwazinaj Forè dè Pen ak kominote kap viv ladan l epi avantaj bab e moustach Flèv Latibonit lan reprezante pou nou, se pami kèk kesyon sa ki te enterese nou epi nou te jije ki ijan pou n trete. 

Pandan n ap fè travay la, nou vin rann nou kont nou pat twò lwen dènyè bout lan. Pa ret tan ankò. Nou vle kwè li pa twò ta, n ap rive jwenn bon jan lespri lè tafya fin evapore nan tèt nou. Nou rete kwè nou ka pran konsyans. Nou rete kwè Leta ak moun nan sosyete sivil la ap pran responsablite pou anpeche bato a koule, paske se nou tout ki abò. Si nou kite bagay yo jan yo ye a, se kòmsi nou di tout moun fouye pwòp tonm yo alòske tout moun se lavi y ap chèche. Kidonk se vreman sa nou rele “chèche lavi detwi lavi a”. 

Tit “Ijans” la tradwi yon mobilizasyon pou tèt ansanm tout kouch nan peyi DAyiti. Nan nofraj sila a nou lage yon dènye twa gout kleren nan lanmè a, yon “ Anmwey pote Ayiti sekou ! ” . Nou espere l ap reveye konsyans yo epi l ap bay jenerasyon k ap vini yo bon jan zam endinyasyon pou l jere peyi a yon lòt fason. 

 

“Pa ret tan ankò“ 

Milo Milfort | K2D pou revi IJANS

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL