Pwogram Medya a

Le programme Media

Soti 1995 pou rive 2010, FOKAL te soutni travay radyo kominotè ak prive yo.

Pwogram medya FOKAL la te kreye an 2010 pou soutni travay jounalis ak medya ayisyen yo nan pwodiksyon ak difizyon yon enfòmasyon kalite san fòs kote epi favorize aksè a enfòmasyon an Ayiti. Li òganize pwojeksyon, konferans ak deba sou tèm medya, metye jounalis ak tèm ki enpòtan pou sosyete ayisyèn nan ki reyini jounalis, militan, moun k ap fè rechèch, etidyan ak sitwayen. Pwogram medya a ap soutni pwojè medyatik an gwoup yo sou envestigasyon jounalistik, epi rechèch sou medya yo an Ayiti. FOKAL ap soutni echanj ak patisipasyon jounalis ayisyen yo nan konferans oubyen estaj aletranje. Atravè pwogram sa, FOKAL favorize aksè a enfòmasyon ak kominikasyon popilasyon yo nan vil pwovens yo nan soutni radio kominotè yo nan materyèl ak nan fòmasyon, men tou nan pwodiksyon enfòmasyon nan pwovens yo ak difizyon yo nan tout peyi a. FOKAL ap soutni fòmasyon jèn fotograf ak videyas, devlòpman travay dokimantè ak difizyon yo.

Pwogram medya a ap kolabore ak pwogram fotografi dokimantè Open Society Foundations lan.

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL