Inisyativ Jèn

PI JProjè sa ap devlope aptitid yo nan deba nan yon optik sitwayen. Deba ap apran jèn yo devlope panse kritik, kapasite pou eksprime yo, aptitid nan rechèch endepandan e mennen yo diskite sou sijè ki afekte lavi ak kominote yo nan anbyans tolerans, rasyonalite ak rigè entelektyèl. Katòz (14) klèb repati nan tout peyi a, yo reyini chak semèn ak yon ventèn jèn k ap prepare tounwa yo, diskite sou konjonkti an e debat sou tèm ki chwazi alavans. Nan lane 2012, katsan (400) jèn te volontè nan yon konsiltasyon sou tèm tankou sitwayènnte, demokrasi, men tou rapò ant moun ak sèks diferan, oubyen ekonomi. Temwayaj yo te pibliye nan rekèy « Pawòl Jèn » ki te sòti an 2015.

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2024 fokal. Designed By katabeno

Enskri nan nouvèl FOKAL