Sòti 8 pou rive 27 dawout 2022 a, asosyasyon ki rele « Collectif pour la Sauvegarde des Traditions Haïtiennes » (CSTH), ap reyalize yon atelye dans fòlklò ayisyen nan lokal « Éclosion » nan Pòtoprens.
Atelye sila a ap reyalize nan lide pou bay jarèt ak ritm, dans tradisyonèl ayisyen yo pou yo pa disparèt. Seyans yo reyini chak jou plis pase 40 dansèz ak dansè fòlklò pwofesyonèl.
Fòmasyon sila a pèmèt patisipan yo aprann epi pratike anpil koregrafi ak pa dans ki sòti nan divès ritm, rityèl ak tradisyon pèp ayisyen an. Se atravè 26 ritm diferan, fòmatè yo ap mete patrimwàn kiltirèl sa a an valè. Pami yo gen Ibo, Nago, Dogi, Chanpèt, Kongo, Rara, elatriye.
Anplis aktivite dans yo, mak fabrik atelye sila a chita sou echanj ki fèt ant pwofesyonèl yo sou orijin, istwa dans yo, epi ak divès kalte non ak varyasyon ki genyen ladan yo nan plizyè zòn nan peyi a.
Boutofen, Kolektif la ap travay pou kapab rive kenbe, pwoteje epi transmèt patrimwàn sa a bay jenerasyon k ap vini yo. Atelye sila ki jwenn sipò bò kote FOKAL ak kèk lòt patnè sòti nan youn nan pwojè CSTH genyen pou pwoteje, konsève epi fè pwomosyon pou ritm tradisyonèl ayisyen yo. Gen lòt aktivite ki prevwa toujou tankou konferans, dokimantè, espektak, rechèch, envantè, elatriye.
Se pou komemore memwa tout moun, fanm kou gason, ki te goumen kont kolonizasyon, esklavaj ak rasis nan fen 18e syèk la sou bout tè sa yo rele Ayiti jodia UNESCO deklare, depi nan lane 1998, dat 28 dawout lan kòm Jounen Entènasyonal pou nou sonje tray Trafik Moun Nwa ki te sòti Lafrik yo ak lè li kaba.
Soti lannwit 22 pou rive 23 dawout 1791, esklav yo fè yon gwo leve kanpe nan Sendomeng, alepòk yon koloni peyi Lafrans. Leve kanpe san pran souf sa te vin transfòme nan yon veritab lagè moun pot ko janm wè. Konsa, nan nwa novanm 1803, nan gwo batay Vètyè a, Lame Endijèn lan te pral ranpòte lagè a sou twoup lame Napoleyon yo ki te vin retabli sistèm esklavaj la ki te gentan kaba depi lane 1793. Zansèt yo te rebay bout tè sa non Ayiti, non pèp Tayino yo te deja ba li a, pou montre gwo volonte pou koupe fache ak sistèm esklavaj lan lè yo deklare tèt yo endepandan nan dat premye janvye 1804 la.
Se te yon lendepandans mond esklavajis lan pa te janm aksepte. Poutèt sa, yo te rive fè jèn nasyon an peye lendepandans sa trè chè. Men sa te pi grav ankò pou peyizan yo, sila yo ki te bay swè ak san yo, sila yo pa te janm konnen kijan yo rele, sila yo ki te koupe fache ak ansyen rejim nan pou libète, egalite, lonè ak diyite te gen tout sans yo.
Kat syèk kote moun pa te pran moun pou moun kite mak fabrik li nan lemond jiskaprezan. De jou an jou, dokimantasyon sou kesyon trafik moun ak lesklavaj lan ap vin pi plis. Moun k ap fè rechèch nan domèn syans sosyal yo, tankou istoryen, jewograf, akeyològ ak filozòf yo pwofite itilize dokimantasyon sa yo pou analize, konprann, konpare epi pataje eleman gwo antrepriz mondyal sa ki te trafik moun nwa nan zòn Oseyan Atlantik la ak nan Oseyan Endyen an, ki te rive mete lapat sou plizyè milyon Afriken epi fè yo travay kòm esklav. Travay kreyasyon aplastik yo, literati, mizik epi ladans, gras ak imajinasyon, pote anpil limyè sou anpil mak krim sa yo kite. Men tou, yo ede nou konprann kokennchenn kouraj viktim yo te genyen pou kanpe anfas bouwo yo ak kalte fòs sa pou goumen pou jwenn liberasyon.
Nan moman kote peyi a ap viv gwo kriz, latwoublay ak tribilasyon ki makònen ak yon sitiyasyon vyolans san parèy k ap kraze epi detwi nou, nou dwe reflechi sou kisa evènman ki te pase nan lannwit sòti 22 pou rive 23 dawout 1791 la te genyen kòm objektif ak pwomès, eseye jwenn epi viv vrè sans lide Libète ak Egalite ki se fondasyon menm peyi d Ayiti.
Fédération Haïtienne de Débat (FHD) òganize pandan jounen 8 me 2022 a, premye faz yon konpetisyon deba kontradiktwa ant divès fakilte ak inivèsite an Ayiti. Douz ekip twoke kòn yo pandan premye tou sila ki te dewoule otou plizyè sijè nan fòma deba World School Debating Championship (WSDC). Yon fòma ki sanble yon similasyon palmantè plizyè peyi adopte pou konpetisyon deba. Sa ki esplike fòmilasyon sijè (yo rele "mosyon") pou match yo, tankou : Chanm sila panse Ayiti ta dwe depenalize avòtman.
Chak ekip te jwe 3 match nan premye jounen sila sou tematik tankou : ekoloji, non-vyolans ak avòtman. Evenman sila ki vize pote deba kontradiktwa kòm reflèks nan Inivèsite an Ayiti jwenn sipò finansye epi teknik Programme Initiative Jeunes (PIJ) nan FOKAL. PIJ te asire fòmasyon sou fòma deba a pou ekip yo epi mete jij eskperimante disponib pandan tout dire konpetisyon. Ekip FHD a jwenn koutmen, nan pataj eskperyans, pou planifye epi jere konpetisyon an.
Faz eliminatwa sila ak rès konpetisyon an (ap) fèt nan lokal Université Notre Dame (UNDH) sou lali. 8 nan 12 ekip ki te nan premye tou a kase randevou pou kadefinal epi demifinal yo nan lokazyon selebrasyon kreyasyon bikolò ayisyen an, 18 me ki ap pwoche la.
Plizyè patisipan pa kache kontantman yo pou patisipe nan yon inisyativ kou sila a ki pèmèt yo rankontre lòt etidyan, diskite nan respè, devlope kapasite pou lapawòl devan yon piblik, fè rechèch dokimantè, men sitou aprann youn de/ak lòt.
Final konpetisyon an prevwa pou fèt samdi 28 me, toujou nan lokal UNDH la.
Vant sitayi IJANS, dezyèm nimero revi fotografi dokimantè Kolektif 2 Dimansyon an (K2D) ki rele Fotopaklè, ap fèt jedi 28 avril k ap vini an nan restoran Café Tap-Tap nan Pòtoprens.
Nimewo sa a, ki rele IJANS, ap atake li a pwoblematik anviwonman an k ap degrade nan peyi Ayiti. Pri revi a nan jou a se ap 1,500 goud.
IJANS se yon travay trèz kontribitè ak espesyalis nan sèten pwoblèm anviwonmantal ki te pwopoze tèks ki poko pibliye sou yon peryòd kat (4) lane. Magazin nan genyen 352 paj.
Dekouvri editoryal ki pibliye nan nimewo sa :
Dènye lè
Klèb Deba Boudon an fè pati de yon rezo 11 klèb, Programme Initiative Jeunes (PIJ) nan FOKAL ap jere. Nan sousi pou Klèb la kontinye avèk misyon li ki se ankadre jenn yo nan aprann epi ede yo devlope lespri kritik, kapasiste pou yo byen mennen rechèch dokimantè pou kont yo epi fason pou yo pran lapawòl devan moun, manm klèb la kontinye òganize yon ansanm fòmasyon avèk kozri sou yon dividal sijè enpòtan pou jenn nan zanviwon klèb la. Tankou sila te fèt nan kòmansman mwa fevriye a ak fòmasyon epi diskisyon sou KONSANTMAN ki kaba samdi 19 fevriye ki sot pase la.
Pandan mwa janvye pou rive 12 fevriye 2022, klèb deba Boudon an te òganize yon ansanm aktivite nan memwa viktim goudougoudou yo (12 janvye 2010 avèk 14 dawout 2021). Klèb la reyalize pandan 4 semèn plizyè rankont pou sansibilizasyon ak fòmasyon pou salye viktim tranblemantè yo, an patenarya ak Bibliyotèk Sant Kiltirèl Pyepoudre.
Nan menm peryòd sila a, klèb la aksyante rekritman li e akeyi anviwon 50 nouvo manm nan : (Lycée Marie Jeanne, Elie du Bois, École Congréganiste Christ-Roi fille de Marie, Lycée des jeunes filles, Collège le Normalien, Lycée Firmin epi plase 6 selil deba nan kèk lekòl. Chak selil sila yo reyini nan lè pa yo). Rankont klèb yo fèt chak samdi ant 1nè ak 4trè nan lapremidi nan lokal Bilbiyotèk Pye Poudre. Se yon espas aprantisaj ak devlopman pèsonèl.
Nan klèb deba Boudon, menm jan nan tout lòt klèb nan Rezo PIJ la, deba yo se yon ranpa pou pratik demokrasi ak ranfòsman kapasite endividyèl nan aprantisaj youn ak lòt. Espas sila yo louvri pou tout moun ant 3zyèm segondè ak filo nan 11 klèb ki repati sou tout peyi a…
Katriyèm nimewo revi DO KRE I S la lanse nan peyi Lafrans jou madi ki te 12 oktòb la, nan kad 5e edisyon festival Le Mois Kréol. DO KRE I S se yon inisyativ Association vagues Littéraires ki soti chak ane, kote chak nimewo prezante sou yon tèm. Depi li kreye nan lane 2017, li rasanble kreyasyon nan domèn literati osinon kreyasyon nan lòt domèn la, men tou li charye refleksyon kritik sou la, literati ak kesyon lang, 3 enstriman ki simante sosyete a.
Nouvo nimewo sa dedye ak tematik MAK, ak yon omaj patikilye pou gran powèt ki soti nan zile La Reyinyon, Boris Gamaleya (1930-2019).
Nou envite ou dekouvri pwojè Dwa Moun konpayi Bazou fè ki se LIMINASYON. Se yon albòm 16 mizik ki reyini plis pase yon douzèn atis, nan sektè lakilti an Ayiti. Liminasyon abòde tèm tankou idantite kilritèl, memwa zansèt yo, jistis, rezistans, angajman sitwayen, elatriye. Li denonse vyolans ki base sou sèks moun, sistèm patriyaka a, entolerans ak lòt vyolasyon dwa fondamantal moun.
LIMINASYON se yon rezilta yon travay rechèch ak kreyasyon nan lide fè pwomosyon dwa moun atravè mizik, e sitou mizik ki lye ak vodou.
Albòm LIMINASYON disponib sou tout plafòm mizik tankou Itunes, Deezer, Diskòb Mizik, Spotify, Youtube music, Amazon music depi 29 dawout 2021 an.
Albòm sa jwenn sipò pwogram Education Citoyenne FOKAL la, nan kad pwojè AJULIH (Accès à la justice et lutte contre l’impunité), Avocats Sans Frontières Canada ap mennen, gras ak finansman Affaires Mondiales Canada.
Gade fim dokimantè sou kreyasyon pwojè a
Legba, youn nan tit sou albòm nan, genyen tou yon videyoklip ki disponib, dapre lide Samuel Suffren ki reyalize li tou KITFILM.