Dèyè bote Pak Matisan, vanyan jadinye li yo

Parc Martissant Jardinier Lè w vizite Pak Matisan, premye sa k di w bonjou se bote peyizaj la ak chante ti zwazo yo. Sezon otòn sa a, pak la tout koulè, sa ki ranfòse cham li yo. Lè a fre epi l natirèl, li ba w lenpresyon ou an pwovens, poutan w Matisan, nan twazyèm seksyon komin Pòtoprens, yon kote eksepsyonèl pou prezèvasyon lanati ak pwoteksyon divèsite biyolojik.

Ekla ak pite sit la, ki se yon bijou pou kominote Matisan ak pou tout peyi a, chita sou travay regilye trèz ouvriye : vanyan jadinye l yo.

Sou sit sa a ki mezire 17 ekta, travay jadinye sa yo pa piti. Yo prezan nan pak la depi solèy leve jouk li kouche. Entèvansyon yo garanti ekilib ekosistèm nan. « Nou responsab pou netwaye pyebwa ak lizyè yo, nou pran swen kwasans ak sante plant ak flè yo. Se nou menm tou ki wouze epi fè entèvansyon nan tout sa k konsène antretyen diferan espas yo nan pak la tankou : memoryal la, pepinyè yo nan sant kiltirèl Katherine Dunham (CCKD) ak espas Leclerc la ». Sa se eksplikasyon Jean Willy Bonnet, yon jadinye k ap travay nan Pak Matisan.

Souriyan, djanm, jadinye 52 zan sa a, ki soti nan depatman Grandans peyi a, te entegre ekip jadinay la an 2012, konnya li se responsab pepinyè plant medisinal yo ki okipe yon espas antye nan pak la. « M te toujou yon pasyone lanati, se pou sa m santi m kontan pou travay nan antretyen pak sa ki si mayifik. M poko janm wè lòt kote tout richès natirèl, kiltirèl ak bèt sa yo k ap prezève nan nivo diferan espas yo nan pak la », toujou daprè deklarasyon Jean Willy Bonnet.

Daprè jadinye Fecœur Romélus li menm, 56 zan, moun Ansavo, travay jadinye yo pa travay fasil, li mande anpil depans fizik, ki mande andirans ak bon kondisyon fizik, « Men se pa sa sèlman », daprè Fecœur ki kwè yon jadinye dwe genyen tou sans obsèvasyon, kapasite pou l travay nan yon ekip, konpetans nan domèn jadinay, pepinyè oubyen agrikilti.

« M te toujou renmen travay nan espas ki pa kouvri, lapli ak solèy p ap menm deranje m nonplis. Pasyon m pou jadinay an reyalite kòmanse ak papa m lè m te avè l nan lane 1979 nan depatman Nip », se sa jadinye enkonparab sa revele. Pou li, nenpòt moun pa ka vin jadinye. Fòk moun sa gen pasyans ak lanmou pou metye a.

Gardes champetres MArtissantFecœur regrèt tan papa l la, an pwovens, kote jaden fanmiy yo te tou pre chak kay, e moun yo te bay agrikilti plis plas. Li kwè mank enterè pou sektè sa alimante kriz alimantè ak anviwònman peyi a ap viv la. Jean Willy bò kote pa l di li pataje konesans li yo nan domèn sa ak pitit li yo, « se yon eritaj pou pataje ak fanmiy lan », se sa li panse.

Nan pak Matisan tou transfè konesans yo pèmanan. Pak Nasyonal Iben (ki anndan vil) nan Matisan angaje l nan fòmasyon san kanpe jadinye li yo, nan ba yo tanzantan konesans teyorik ak pratik nan botanik, nan teknik kilti ak konpostaj elatriye.

Piblik deyò pak la pwofite tou de ekspètiz yo. Nan sousi ekolojik ak respè pou anviwònman, ouvriye sa yo prodwi epi itilize tou Bwa Ranmo Fragmante (BRF) nan pak la pou yo vann tou.

Kèk plant, flè ak pyebwa ki fèt nan Pak la souvan ekspoze e vann pandan gen ekspozisyon fwa ak kòmand. « Yo mande nou plant medisinal yo anpil isit la, moun ki mande yo bezwen yo swa pou prevansyon oubyen gerizon men tou pou rezon terapetik », se sa Jean Willy fè nou konnen. 

Pak Matisan rekonesan pou konesans ak devouman jadinye sa yo ki ede l rete bèl.

Fò n raple Pak Nasyonal Iben Matisan, ke yo plis konnen sou non Pak Nasyonal Matisan, te jwenn rekonesans itilite piblik nan dat 29 jen 2007 ak yon arete prezidansyèl, epi yo te deklare l « zòn pwoteje » ak yon arete prezidansyèl nan mwa avril 2017. Aksesib pou tout moun, se Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) ki kreye l epi k ap jere l.

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com