4N4A9844Samdi 4 mas 2023, « ACTE, école d’art dramatique », te òganize seremoni gradyasyon/espektak pou dezyèm pwomosyon li (2020-2022), ki pote non LOBO. Pwomosyon sa te genyen 12 jenn fanm ak jenn gason ki pataje anpil lanmou ak pasyon pou teyat ak atizay. Kòm se yon lekòl teyat, gradyasyon an pa te fèt nan fòma tradisyonèl, men etidyan yo te...

OKONBA GeneriqueFondasyon Konesans ak Libète - FOKAL, nan tèt kole ak Avocats Sans Frontières Canada (ASFC), nan kad pwojè AJULIH (Accès à la Justice et Lutte contre l’Impunité en Haiti) ki jwenn finasman AMC (Affaires Mondiales Canada), nan yon pwodiksyon ki siyen fondasyon MwèM, ap difize apati 8 mas la, yon seri entèvyou ak plizyè pèsonalite ki ap batay pou fè...

22C52D1608AB49F39AFE48FF2109B202Ayiti Diaspora Collaborative (ADC) ap reyalize yon ankèt pou ede konprann ak konnen pi byen tout kominote ayisyen an k ap viv Ozetazini. Nan sans sa a, platfòm nan ap fè konnen ak tout Ayisyen ki ap viv USA, oubyen tout Ameriken ki gen orijin ayisyèn, yo kapab patisipe nan gwo travay sila a epi bay koutmen pa yo nan pataje lide yo nan ankèt...

311633933 4995981063834931 1092458431490004072 nKlike sou lyen sa pou w kapab telechaje dènye vèsyon PDF kat sou sekirite jounalis yo Pwogram Medya FOKAL la, nan tèt kole ak Internews te prepare. Nou te korije kèk bagay nan premye vèsyon ki te sòti an apre nou te resevwa kèk remak ak konsèy bò kote piblik la k ap suiv nou, konsa nou rive adapte yo plis a kontèks n ap evolye isit la. Depi...

311633933 4995981063834931 1092458431490004072 nDepi plizyè lane, zafè sekirite moun an Ayiti bay gwo kè kase. Menm Jounalis, ki ap travay pou enfòme popilasyon an sou sa ki ap pase pa epanye nan zak vyolans ki ap fèt nan peyi a. Nan lide pou ede jounalis yo pwoteje tèt yo epi konnen kisa pou yo fè lè yo gen yon pwoblèm, Pwogram Medya FOKAL, ki jwenn sipò Internews te rive reyalize plizyè...

mnmSòti 8 pou rive 27 dawout 2022 a, asosyasyon ki rele « Collectif pour la Sauvegarde des Traditions Haïtiennes » (CSTH), ap reyalize yon atelye dans fòlklò ayisyen nan lokal « Éclosion » nan Pòtoprens. Atelye sila a ap reyalize nan lide pou bay jarèt ak ritm, dans tradisyonèl ayisyen yo pou yo pa disparèt. Seyans yo reyini chak jou plis pase 40...

Club Bourdon _ Kleb Boudon Klèb Deba Boudon an fè pati de yon rezo 11 klèb, Programme Initiative Jeunes (PIJ) nan FOKAL ap jere. Nan sousi pou Klèb la kontinye avèk misyon li ki se ankadre jenn yo nan aprann epi ede yo devlope lespri kritik, kapasiste pou yo byen mennen rechèch dokimantè pou kont yo epi fason pou yo pran lapawòl devan moun, manm klèb la kontinye òganize yon...

Do Kre I SKatriyèm nimewo revi DO KRE I S la lanse nan peyi Lafrans jou madi ki te 12 oktòb la, nan kad 5e edisyon festival Le Mois Kréol. DO KRE I S se yon inisyativ Association vagues Littéraires ki soti chak ane, kote chak nimewo prezante sou yon tèm. Depi li kreye nan lane 2017, li rasanble kreyasyon nan domèn literati...

LIMINASYON 1Nou envite ou dekouvri pwojè Dwa Moun konpayi Bazou fè ki se LIMINASYON. Se yon albòm 16 mizik ki reyini plis pase yon douzèn atis, nan sektè lakilti an Ayiti. Liminasyon abòde tèm tankou idantite kilritèl, memwa zansèt yo, jistis, rezistans, angajman sitwayen, elatriye. Li denonse vyolans ki base sou sèks moun, sistèm patriyaka a, entolerans ak...

KreyolSe pou komemore memwa tout moun, fanm kou gason, ki te goumen kont kolonizasyon, esklavaj ak rasis nan fen 18e syèk la sou bout tè sa yo rele Ayiti jodia UNESCO deklare, depi nan lane 1998, dat 28 dawout lan kòm Jounen Entènasyonal pou nou sonje tray Trafik Moun Nwa ki te sòti Lafrik yo ak lè li kaba.

Soti lannwit 22 pou rive 23 dawout 1791, esklav yo fè yon gwo leve kanpe nan Sendomeng, alepòk yon koloni peyi Lafrans. Leve kanpe san pran souf sa te vin transfòme nan yon veritab lagè moun pot ko janm wè. Konsa, nan nwa novanm 1803, nan gwo batay Vètyè a, Lame Endijèn lan te pral ranpòte lagè a sou twoup lame Napoleyon yo ki te vin retabli sistèm esklavaj la ki te gentan kaba depi lane 1793. Zansèt yo te rebay bout tè sa non Ayiti, non pèp Tayino yo te deja ba li a, pou montre gwo volonte pou koupe fache ak sistèm esklavaj lan lè yo deklare tèt yo endepandan nan dat premye janvye 1804 la.

Se te yon lendepandans mond esklavajis lan pa te janm aksepte. Poutèt sa, yo te rive fè jèn nasyon an peye lendepandans sa trè chè. Men sa te pi grav ankò pou peyizan yo, sila yo ki te bay swè ak san yo, sila yo pa te janm konnen kijan yo rele, sila yo ki te koupe fache ak ansyen rejim nan pou libète, egalite, lonè ak diyite te gen tout sans yo.

Kat syèk kote moun pa te pran moun pou moun kite mak fabrik li nan lemond jiskaprezan. De jou an jou, dokimantasyon sou kesyon trafik moun ak lesklavaj lan ap vin pi plis. Moun k ap fè rechèch nan domèn syans sosyal yo, tankou istoryen, jewograf, akeyològ ak filozòf yo pwofite itilize dokimantasyon sa yo pou analize, konprann, konpare epi pataje eleman gwo antrepriz mondyal sa ki te trafik moun nwa nan zòn Oseyan Atlantik la ak nan Oseyan Endyen an, ki te rive mete lapat sou plizyè milyon Afriken epi fè yo travay kòm esklav. Travay kreyasyon aplastik yo, literati, mizik epi ladans, gras ak imajinasyon, pote anpil limyè sou anpil mak krim sa yo kite. Men tou, yo ede nou konprann kokennchenn kouraj viktim yo te genyen pou kanpe anfas bouwo yo ak kalte fòs sa pou goumen pou jwenn liberasyon.

Nan moman kote peyi a ap viv gwo kriz, latwoublay ak tribilasyon ki makònen ak yon sitiyasyon vyolans san parèy k ap kraze epi detwi nou, nou dwe reflechi sou kisa evènman ki te pase nan lannwit sòti 22 pou rive 23 dawout 1791 la te genyen kòm objektif ak pwomès, eseye jwenn epi viv vrè sans lide Libète ak Egalite ki se fondasyon menm peyi d Ayiti.

 

 

Sous-catégories

Adrès ak kontak

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mo enpòtan

Abòne w nan nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com

Please publish modules in offcanvas position.