Tanpri li enfòmasyon ki anba yo avèk atansyon anvan ou kòmanse ranpli fòm nan.

Pwogram sibvansyon Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) egziste depi lè fondasyon an te kreye, epi li pèmèt li finanse, swivan tèm ki defini davans, yon ansanm pwojè san bi likratif ke moun, asosyasyon, òganizasyon, fondasyon, elatriye ap mennen. Tout pwojè ki jwenn sibvansyon mache ansanm ak misyon FOKAL la.

Devlopman Dirab

Kategori sa a konsène pwojè ki fèt pou pwoteksyon anviwònman an ak devlopman dirab. Sa gen ladan l :

  • Pwojè sou: rebwazman ; jesyon fatra ; pwoteksyon basen vèsan ; resiklaj ; ranfòsman òganizasyon peyizan yo ; inisyativ ekolojik nan agrikilti ak lapèch ; rezèvwa ak distribisyon dlo potab…
  • Pwojè edikasyon ak fòmasyon ki pote inovasyon sou plan pedagojik, òganizasyonèl oswa teknolojik, epi ki pran an konsiderasyon aspè anviwònman, ekonomik ak sosyal teritwa yo ak popilasyon yo.

 

           

Dokiman pou bay:

  • Prèv egzistans (pyès idantite pou kontak la, rekonesans legal pou enstitisyon ki rekonèt yo)
  • Prèv aktivite ki te fèt anvan sa
  • Lis prensipal moun k ap patisipe nan pwojè a avèk yon CV tou kout pou kontak la
  • Bidjè previzyonèl ak plan finansman detaye (Si bidjè a prezante sou yon lòt fòm)
  • Estati òganizasyon an (si se yon òganizasyon ki fè demann lan)
  • Tout lòt endikasyon oswa klarifikasyon (pa egzanp: kont ak bilan finansye òganizasyon an)

Kote pwojè a ap fèt: FOKAL bay pwojè k ap fèt an Ayiti yo priyorite.