
Apati jedi 17 septanm, pwojè Lekòl Nou ap envite nou dekouvri nouvo feyton ki rele « Ti koze sou santiman ak emosyon ». Seri an gen 10 epizòd. Nou pral rantre nan lavi fanmi Pouchon ak Guerda pou n wè kijan timoun kou granmoun viv, eksprime yo, epi jere emosyon ak santiman yo. N ap jwenn tou kèk konsèy sou fason pou nou fè fas ak yo pou n ka pran swen sante mantal nou pi byen.
Feyton sa a patnè nou Village Santé pwodui, se youn nan aktivite n ap reyalize nan dezyèm faz pwojè Lekòl Nou. Li se yon swit lojik apre fòmasyon 50 pwofesè sou sante mantal ak swen sikososyal, epi diferan atelye pou timoun ki te reyalize sou tèm sante mantal la ak kapsil videyo animasyon « Timoun san Tras » yo kòm sipò edikatif.
Apwòch sa a kote nou kòmanse travay ak pwofesè, pase nan elèv pou rive sou gran piblik la, pèmèt Lekòl Nou kontinye travay dapre yon apwòch ki konsidere diferan anviwònman timoun yo ap evolye, depi nan fanmi, pase nan lekòl pou rive nan kominote a. Sa ap pèmèt yon pi bon akonpayman nan swen sante mantal.
Feyton « Ti koze sou emosyon ak santiman » ap pase sou 3 estasyon radyo: Radio Télé La Brise 104.9 Stéréo nan Sid, Radio Mélodie Inter 98.3 FM nan Pòpdpè ak Radyo kominotè Batay Peyizan 88.3 FM nan Tigwav. L ap disponib tou sou chèn YouTube ak paj Facebook Lekòl Nou, apati jedi 17 septanm 2026.
Orè difizyon
Radyo kominotè Batay Peyizan : jedi 17 septanm 10zè AM
Radio Télé La Brise : jedi 17 septanm 9vè15 AM
Radio Mélodie Inter : jedi 17 septanm 2zè50 PM
Facebook, ak Youtube Lekòl Nou : vandredi 18 septanm 3zè PM
Spotify Chapo ba : vandredi 18 septanm 3zè PM
