Ranfòse angajman sitwayen nan ZAK la

Ranfòse kapasite òganizasyon lokal yo ak angajman sitwayen yo nan devlopman kominotè yap viv la, se pwensipal objektif FOKAL atravè pwogram fòmasyon li batize : "Sansiblizasyon pou yon sitwayen reskonsab". Yon pwogram fòmasyon ki gen plis pase yon lane depi li egziste.

Ekip kap jere pwojè kreyasyon Pak Matisan an, lanse yon seri fòmasyon tout kalte nan benefis popilasyon ki nan zòn amenajman konsète a (ZAK) espesyalman jèn yo. Fòmasyon sa yo vize dabò, fòme resouszimèn pou zòn nan nan divès domèn, men tou, kad pou ki ede òganizasyon lokal yo devlope tèt yo epi vin pi efikas nan travay yo ak popilasyon an.

Lanse nan mwa mas 2009, fòmasyon “Sensibilisation à la citoyenneté" a gen antou kat (4) modil. Seyans yo, ki patisipatif, dewoule nan biwo Pak Matisan an pandan twa (3) jou nan yon semèn. Plis pase yon santèn moun gentan swiv li e plis pase kenz (15) sesyon deja fèt.

Depi li egziste, fòmasyon sa a pa sispann montre enpòtans dwa ak devwa sitwayen yo. Li aprann patisipan yo konnen kouman yo ka jwe wòl yo pi byen nan kreye kondisyon pou zòn yo devlope. Li ede yo konprann yon seri fenomèn tankou: vyolans òganize, kidnapin ak disparisyon. Li bay tou, kèk konsèy pratik sou kisa ki merite fèt pou yon moun ki viktim kadejak.

Pou kèk patisipan, fòmasyon sa se yon repons ak karans ki genyen nan domèn edikasyon sitwayèn nan peyi a. ‘Youn nan pi gwo pwoblèm peyi a jounen jodi a, se edikasyon sitwayen yo ki pa fèt. Moun yo pa gen santiman atachman pou kote yap viv la ankò, e dwa yo pa sispann vyole toupatou nan peyi a’ poun site yon patisipan.

Apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, fòmasyon an te fè yon kanpe akòz sal fòmasyon an ki te fisire anpil. Men, erezman depi mwa sektanm lan, ekip la rekòmanse ak seyans yo.

Fòk nou di, fòmil yo te konn fè fòmasyon an pa chanje. Dayè, daprè patisipan yo fòmil sa a ede yo konprann pi byen epi ankouraje patisipasyon ak echanj.

Eddy Robenson,
Animatè teren Pak Matisan

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com