Fòmasyon an sekirite ak premye swen anplwaye Fokal

Fen mwa dawou pou rive komansman sektanm 2010 lan, de ekip nan Fokal te al swiv nan lakou New York yon fòmasyon pou konnen kijan gere sityasyon kritik nan yon anviwonman ostil e koman pote premye swen bay victim. Li rele « Hostile environments and first aid » nan angle. Premye ekip la te pran fomasyon an 23 pou rive 26 dawou, dezyèm ekip lan te la 30 dawou pou rive 2 sektanm.

Fòmasyon sa a se konpayi sekirite TOR international Limited ki tap bay li sou inityativ Open Society Institut (OSI) ki te envite institisyon ki afilye avèk li yo pou voye reprezantan yo. Kidonk nou te gen patisipan ki sòti nan plizyè lot peyi.

Objektif prensipal fomatè yo se te rive ba nou konesans nesesè pou n konn ki jan pou nou reyaji pou asire sekirite nou ak sekirite moun ki avèk nou nan sitiyasyon kritik oubyen anfas danje nèg ak zam, epi pote premye swen nan ka aksidan osinon katastwòf kote gen blese.

Metòd fòmatè yo te itilize chita anpil sou egzèsis pratik, ak similasyon. Seyans sa yo te pèmèt nou evalye meyè fason pou nou reyaji e kenbe kalm nou pou nou pa panike.

Esansyèl sa nou te rive wè nan fòmasyon an konsènen atitid pou kenbe le w nan yon check point, le w nan ka kidnapping, Hi –jaking (lè bandi friz ou pou pran machin ou) ; ki premye swen ak dispozisyon pou w pran le gen blese ak moun ki sibi chòk nan aksidan. Fomatè yo pat neglije pale tou de nesesite pou sekirize sistèm enfomatik kont pirataj e proteksyon dokiman pèsonèl nou. Gen anpil bagay ki te di tou sou prevansyon kont maladi ak enfeksyon lè yon moun ap vwayaje.

Fòmasyon sa a pèmèt nou rive gen yon lòt konpreyansyon de fason moun ta sipoze reyaji lè li anfas yon menas. Fòmasyon sa se yon zouti anplis nou genyen pou nou rive fè prevansyon sitou nan ka espas piblik tankou batiman Sant Kiltirel Fokal kote nou dwe pare pou gere nenpòt sitiyasyon kriz ki ka prezante.    

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com