Apèl pou kandidati - Atelye fim dokimantè “Divèsite ak tolerans”

10octobreFondasyon Konesans ak Libète(FOKAL) ak Avoka San Fwontyè Kanada (ASFK), lan kad pwogram Edikasyon Sitwayèn, ap pwopoze yon atelye kreyasyon fim dokimantè sou tèm “Divèsite ak tolerans”, ant 22 jiyè ak 23 dawou 2019. Atelye sa ap met ekip an plas pou reyalize yon fim-toukout sa yo rele “court-métrage”, anba sipèvizyon yon atis espesyalis videyo. Atelye a fèt pou jèn ki gen ant 17 ak 27 lane, ki ap viv Matisan, Kafou-fèy, Bapedchoz, Pako, Turjo oswa Debisi.

Tèm “Divèsite ak Tolerans” dwe pèmèt patisipan yo abòde kesyon dwa moun selon tematik yo pi renmen ak sa k pi pwòch pwòp eksperyans yo, lan kad fim y ap ka fè yo. Tematik sa yo sipoze pase lan katye patisipan yo, pou yo ka montre pwòp visyon yo, sou sa yo ye, sou sa ki fè nou tout diferan youn lòt, sou sa kesyon zòt la ye, sa k fè zòt pa menm ak mwen menm.

Apèl sa valab jouk vandredi 21 jwen 2019.

Kijan pou ou poze kandidati w?

Chwa 21 patisipan an ap fèt sou baz yon videyo ki pa dwe dire plis pase yon minit, sou tèm “Divèsite ak tolerans”. Videyo a dwe pale sou kesyon dwa moun, sou kesyon sosyal etc.

Nou ka fè videyo a ak telefòn, e pa bezwen gen travay montaj videyo pou yo resevwa l.

Pou ou voye videyo a, klike la.

 

Pwofil kandida yo

  • Fòk ou gen ant 17 ak 27 lane.
  • Fòk ou abite Matisan, Kafou-fèt, Bapedchoz, Pako, Turjo oswa Debisi.
  • Fòk ou disponib nèt ale sòti 22 jiyè rive 23 dawou 2019.
  • Fòk ou enterese lan videyo dokimantè. Ou pa bezwen eksperyans avan atelye sou kesyon videyo pou ou ka patisipe.

 

Patisipasyon fi

Li enpòtan anpil pou FOKAL ak ASFK pou bay kesyon egalite fi ak gason yon bon bourad, e pwojè apèl sa ankadre rantre nan yon apwòch ki chita deja sou pwoteksyon dwa fanm ak tifi, enpitou sou pwomosyon fanm ki ap jere chanjman pou pwòp tèt yo. Se lan sans sa apèl la deside valorize patisipasyon fi lan pwojè a.

 

PATENÈ

Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL)

FOKAL se yon fondasyon ki kreye lan lane 1995, Leta rekonèt li d itilite piblik depi lane 2000, se yon fondasyon nasyonal ayisyen, majorite finansman l sòti lan Open Society Foundations. Open Society Fondations se yon rezo fondasyon ak inisyativ ki baze lan tout monn lan. Se Georges Soros, ki se yon finansye ameriken ki fèt Lawongri, ki mete l sou plas, pou li ka fè pwomosyon prensip demokrasi. Anplis de sa FOKAL resevwa finansman lan men Linyon Ewopeyèn ak Koperasyon Franzès.

Misyon FOKAL se :

-          Fè pwomosyon estrikti ki nesesè pou konstwi yon sosyete demokratik, ki fonde sou lajistis ak solidarite, kote ni moun ni kominote yo granmoun tèt yo ;

-         Goumen pou chak moun granmou tèt yo, pou moun devlope espri kritik, refleksyon ak responsabilite pwòp tèt yo, enpi apiye kapasite moun pou yo pran desizyon poukont yo, pou yo gen kreyativite ak kapasite pou youn kolabore ak lòt, e se ak edikasyon, fòmasyon ak kominikasyon angajman sa fèt ;  

-          Ranfòse sistèm ki fè lè moun òganize ou met espri kritik kanpe sou de pye l, epi lè sa ou devlope aprann, pataj ak konfwontasyon ant diferan konesans ki genyen lan chak gwoup moun, pou w apiye patisipasyon moun yo menm lan jere demokrasi nou an ak zafè kominote a, pou rezo asosyatif, monn sosyal la ak espas kiltirèl yo donnen pi byen.

FOKAL fè entèvansyon lan diferan domèn : enviwonman, lajenès, fè enfòmasyon disponib pou tout moun, apiye medya yo, edikasyon, presève patrimwan la, pwodiksyon atistik ak lakilti. Plis enfòmasyon disponib sou sit entènèt Fondasyon an : www.fokal.org

Avoka San Fwontyè Kanada (ASFK)

ASFK ap fonksyone lan Peyi d Ayiti depi 2006. ASFK se yon òganizasyon non gouvènmantal ki lan koperasyon entènasyonal. Misyon l se bay apwi pou defann dwa moun, pou gwoup moun ki pi vilnerab yo. Li travay pou li ranfòse posibilite pou moun jwenn Lajistis ak reprezantasyon jiridik.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon si ou vizite sit la, www.asfcanada.ca.

Pwojè “Aksè ak Lajistis, ak Lit kont lenpinite nan Peyi d Ayiti”

ASFK kòmanse pwojè “Aksè ak Lajistis, ak lit kont lenpinite nan Peyi d Ayiti” nan mwa d avril 2017. Wòl pwojè a se mobilize sosyete sivil la, pou ankouraje ranfòsman Lajistis la kòm enstitisyon, epi met yon gouvènans tout pòt louvri ki chita sou responsabilite, e ki reprezante yon bon jan fòs demokratik an fas pouvwa. Aksyon nou an divize sou twa gwo branch : apwi Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPS) pou travay pwoteksyon dwa moun la fèt ak plis efikasite ; ranfòsman òganizasyon sosyete sivil yo ak tout avoka ki reprezante moun ki sibi vyolasyon dwa moun ; ranfòse patisipasyon sitwayen yo lan konstwi yon Eta-de-dwa ak aksyon pledwaye, ranfòse kapasite òganizasyon sosyete sivil yo ak sansibilizasyon yon gwo pati lan piblik ayisyen an lan kesyon revandikasyon dwa moun. Se “Affaires Mondiales Canada”(AMC) ki soutni pwojè sa.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com