« Mèsi pou travay nou », temwayaj Sachernka Anacassis

Chak rankont,

Chak nouvèl eksperyans,

Chak pòt ki louvri,

M raple m tikatkat k ap pase devan chantye Fokal la ak manman l chak maten pou li al lekòl. M sonje pwomès manman l te fè l pou l enskri l nan bibliyotèk la lè l fin konstwi. M sonje enpasyans mwen. M sonje kontantman tifi sa jou manman l rantre ak li nan ansyen BMC a pou l fè kat la pou li. M sonje jou sa manman l te di l kat bibliyotèk sa gen pou l chanje lavi w pitit fi m. Tifi a pat konprann sa manman l te vle di. Li te jis fyè pou l rakonte tizanmi l yo li manb Yon bibliyotèk.

Eben Jodi a chak rankont, chak nouvèl eksperyans, chak pòt ki Louvri, chak felisitasyon, chak fwa m vire je dèyè gad kote m sòti, chak fwa sa yo mwen mande tèt mwen ki kote m m tap ye si chimen mwen pat kwaze chimen BMC, chimen Klèb deba Pyepoudre, chimen FOKAL, chimen ou?

Mèsi pou travay nou,

Mèsi pou mwen,

Mèsi pou lòt yo,

Limyè ak Enèji,

Bon Lajounen,

M renmen nou,

Sacha

 

Carnet de voyage Sachernka AnacassisSachernka Anacassis se yon ansyen lektris abone nan BMC, ki kounye a se yon komedyèn rekoni ki òganize evenman kiltirèl tou.

FOKAL gen chans kolabore depi plizyè lane ak Sachernka, nan kad maniefstasyon kiltirèl nou òganize osinon sipòte. Nou resevwa mo sa yo de li, e li ba nou otorizasyon pou pataje yo.

Sachernka aktyèlman nan konsèvatwa Toulouz,nan domenn a dramatik. Li ap an Ayiti nan pa lontan pou prezante dènye kreyasyon li nan 4e edisyon festival En Lisant an, e l ap anime atelye fòmasyon tou nan festival la pou moun ki ta renmen fè konesans ak teyat.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com