Tanpri li enfòmasyon ki anba yo avèk atansyon anvan ou kòmanse ranpli fòm nan.
Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) ofri bous ekselans bay etidyan nan premye sik inivèsitè ak nan etid pwofesyonèl, ki gen pwoblèm ekonomik. Pou ekselans lan, Fokal mande pou moun k ap postile a gen yon mwayèn minimòm 70% nan egzamen Bak 1 ak 2 pou etid inivèsitè oswa 60% pou etid pwofesyonèl.
Nan sèktè odyovizyèl la, pwogram medya a sipòte bous etid lokal (pou yon kantite lajan 2,000.00 USD maksimòm)
Pou demann ou an ka akseptab, tanpri asire w tout dokiman yo mande anba yo enkli ladan l, sinon nou p ap trete demann lan.
N.B. : FOKAL pa bay bous etid pou fakilte medsin prive yo.
| Etid Inivèsitè oswa Pwofesyonèl lokal | Enstitisyon ki rekonèt | Dokiman nou mande (Pou voye kòm pyès atache) |
Finansman |
|---|---|---|---|
| Depi nan 1ye sik inivèsitè |
Inivèsite ki manm AUF Klike la a pou w wè lis inivèsite ki manm AUF yo
|
|
Li ka renouvle pandan tout dire etid la, si etidyan an kenbe mwayèn fondasyon an mande a |
| Etid Pwofesyonèl |
|
|
Li ka renouvle pandan tout dire etid la, si etidyan an kenbe mwayèn fondasyon an mande a |
Tel : (509) 2813-1694
Enskri nan Nouvèl Fokal
Copyright © 2026-FOKAL