E si plis timoun te ka grandi ak liv ki rakonte istwa nan lang yo pale chak jou a? Se youn nan objektif Inivèsite Kiskeya ap chèche reyalize atravè Enstiti Siperyè Fòmasyon, Rechèch ak Inovasyon nan Edikasyon (InnovEd-UniQ), ki te òganize yon konkou nasyonal tèks ak ilistrasyon an kreyòl ayisyen. Samdi 7 novanm 2026 la, enstitisyon an te klotire inisyativ sa a avèk yon seremoni remiz pri pou nèf loreya yo, nan oditoryòm CCC Inivèsite Kiskeya, nan prezans rektè a, pwofesè Jacky Lumarque, ansanm ak plizyè pèsonalite nan domèn edikasyon ak kilti, paran, zanmi ak kèk nan patisipan yo. Moun ki pa te kapab prezan yo te suiv seremoni an an dirèk sou entènèt.
Konpetisyon sa a ki te lanse nan dat 8 avril 2026, te envite elèv, pwofesè, etidyan, otè ak jèn ilistratè pou kreye kontni pou timoun nan twa kategori : Kont, Resi kout ak Bann desine. Patisipan yo te travay sou divès tèm, tankou kominote, konbit, lanati, solidarite, respè, responsablite, angajman ak devlopman. Yon jiri ki te gen ladan l otè, editè, lengwis, ilistratè, pwofesè ak lòt pwofesyonèl nan sektè kiltirèl la te evalye travay patisipan yo.


Inisyativ la pa te vize sèlman òganize yon konkou ak rekonpanse gayan yo. Li te chèche mete aksan tou sou plas literati pou timoun ak lang kreyòl la. Ekriven Gary Victor, ki te prezidan jiri a, te raple nesesite pou timoun jwenn liv ki ka ede yo devlope lanmou pou lekti depi nan premye ane lavi yo. Li te deklare : « Literati pou timoun, se pi bon literati ki genyen. Paske lè nou enterese timoun yo li, se lè sa a n ap jwenn granmoun ki vin renmen lekti ». Li te ajoute : « Lè nou pèmèt anpil moun ekri an kreyòl pou timoun, nou ede lang kreyòl la rive pi lwen. »
Rosilia François Corneille, prezidant konsèy Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), te felisite InnovEd-UniQ pou demach sa a. Li te souliye enpòtans li genyen pou jèn jenerasyon an, pandan li te fè remake konkou a « montre nou pran konsyans epi tou, li ede jenès la rekonsilye ak lang li ».
Nèf kreyatè jwenn rekonpans nan twa kategori
Pandan seremoni an, responsab InnivEd yo te rekonpanse nèf gayan : twa loreya nan chak kategori.
Nan kategori Kont la, Tarah Cinéus Laurent ranpòte premye pri a avèk Serafina ak peyi zetwal yo. Jude Joseph klase dezyèm pou Man Da ak pè Da, tandiske Milorddine Jean Baptiste jwenn twazyèm pri a pou Zoé vwa lanati.
Pou kategori Resi kout la, Donavenly Donatien ranpòte premye pri a avèk Poubèl Dany. Francesca L’Honneur klase dezyèm pou Boutèy ki te vle vole a, epi Germanie Fieffé jwenn twazyèm pri a pou Wozlin ale nan vakans.
Nan kategori Bann desine a, Luc Berline Matilot ranpòte premye pri a avèk Gangan Jak. Lydia Pierre-Pierre jwenn dezyèm pri a pou Ki koulè Naya pi renmen, tandiske Luc Berlin Matilot klase twazyèm pou Espedisyon 110010.
Loreya yo resevwa plizyè kalite rekonpans, tankou liv, bon acha, materyèl eskolè ak nimerik, meday, chèk ak bous etid. Patisipan ki te klase katriyèm nan chak kategori te resevwa prim konsolasyon tou.
Ankouraje kreyasyon pou timoun, soutni lang kreyòl la
Pou InnovEd-UniQ, demach sa a depase kad yon senp konkou. Li chita sou nesesite pou ogmante kantite ak kalite liv ak lòt materyèl edikatif ak kiltirèl ki disponib pou timoun an kreyòl ayisyen. Se yon fason pou ankouraje abitid lekti ak ekriti depi nan laj ki pi piti, pandan y ap bay nouvo kreyatè yo okazyon pou devlope talan yo.
Plizyè mezon edisyon, libreri, enstitisyon piblik ak prive ansanm ak fondasyon te pote kole nan reyalizasyon inisyativ la. Pami patnè sa yo, Fondasyon Konesans ak Libète – FOKAL te bay sipò li pou ankouraje kreyasyon literè ak ilistrasyon an kreyòl pou timoun. Angajman sa a antre nan travay Fondasyon an ap mennen nan domèn edikasyon ak kilti, kote li bay kreyasyon ak difizyon kontni kiltirèl ayisyen yo yon plas enpòtan.

