Skip to content
Skip to content
default-logo
  • Akèy
  • Fokal
  • Pwogram
  • Sibvansyon
  • Nouvèl Fokal
  • Ayiti Demen
  • Kontak
  • Haitian Creole
    • Français
    • English
    • Haitian Creole
Fè yon don

28 oktòb : lang ak kilti kreyòl, yon eritaj pou nou kontinye valorize

  • 28 oktòb 2026

Chak 28 oktòb, Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la se yon okazyon pou nou rekonèt richès lang kreyòl yo, istwa yo ak kilti yo pote. An Ayiti, kreyòl la plis pase yon mwayen kominikasyon : li se youn nan poto mitan nan idantite nou, memwa kolektif nou ak patrimwàn kiltirèl nou.

Lang kreyòl ayisyen an soti nan rankont istorik ki te fèt nan yon kontèks kolonyal ak esklavaj, epi rezistans ak echanj ant pèp yo te kontribye nan fòme li. Li vin tounen yon lang kreyasyon, transmisyon ak ekspresyon. Li pote tras istwa nou, eksprime reyalite nou epi okipe yon plas enpòtan nan literati nou, mizik nou, teyat nou ak tradisyon popilè nou yo.

Malgre kreyòl ayisyen an se lang ofisyèl nou tou, menm jan ak fransè a, li toujou ap fè fas ak anpil defi, sitou nan domèn edikasyon, administrasyon ak pwodiksyon konesans. Pou valorize lang nan, fòk gen plis espas nan enstitisyon yo kote yo sèvi ak li, fòk gen bon jan ansèyman an kreyòl epi fòk yo ankouraje pwodiksyon kontni ki kontribye nan devlopman lang nan ak transmisyon li bay jenerasyon k ap vini yo.

Nan okazyon jounen sa a, Fondasyon Konesans ak Libète – FOKAL reyafime angajman li pou kontinye valorize lang ak kilti kreyòl. Rekonèt plas yo nan tout domèn nan lavi kolektif la, se kontribye nan konstriksyon yon sosyete kote chak sitwayèn ak sitwayen kapab aprann, pran lapawòl epi patisipe kòmsadwa nan lavi piblik la nan lang pa yo.

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

FOKAL - Fondasyon Konesans Ak Libète

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

Swiv nou:

Estrikti Afilye

  • Ayiti Demen
  • Centre d’Art
  • EGALEGO
  • Kiskeyart
  • Parc de martissant
  • FokalFad
  • Bibliothèque Monique Calixte

Enskri nan Nouvèl Fokal

    Copyright © 2026-FOKAL