Skip to content
default-logo
  • Akèy
  • Fokal
  • Pwogram
  • Sibvansyon
  • Nouvèl Fokal
  • Ayiti Demen
  • Kontak
  • Haitian Creole
    • Français
    • English
    • Haitian Creole
Fè yon don

« KWAPETWOMA » : yon pyès teyat ki louvri dyalòg sou twoma ak gerizon

  • 16 jiyè 2026

Pale de twoma nan yon peyi kote katastwòf ak kriz pa pèmèt moun rale souf, se pa yon detay. Se yon pòt louvri sou chimen gerizon ki gen tout enpòtans li. Se nan lide sa a, Association 4 Chemins, ki se patnè FOKAL nan pwojè Lekòl Nou, te reyalize 3 reprezantasyon pyès teyat « KWAPETWOMA ». Prezantasyon sa yo te fèt pandan mwa jen an devan prèske 300 elèv, paran ak pwofesè.

« Kwapetwoma » mete an sèn yon manman k ap viv ak yon andikap apre li te fin pèdi yon bra nan tranblemmantè12 janvye a, ak yon pitit fi li k ap fete anivèsè l. Se de moun k ap soufri, men soufrans yo poko rankontre, paske yo kache dèyè bèl souri ak sousi lavi toulèjou. Men anivèsè pitit fi a, pral yon okazyon pou pete abse a.

Sa ap fèt nan doulè, paske manman an pa ka rive kalme pitit li, ni ofri l sa l ap mande a: yon kote pou l ka poze tèt li epi viv lavi li kòm yon jèn fi san li pa oblije ap kouri toutan, san li pa pè pou bandi pa anvayi kote yo ye a ankò. Se pa paske manman an pa vle ofri l sa, men li pè pou nan kouri pou lapli li pa al tonbe larivyè. Paske se pa premye fwa latwoublay nan peyi a fòse yo kouri kite katye yo, kite kay yo, pou depoze ti pakèt yo yon lòt kote.

Apre anpil pale, yon evènman pral deklanche nesesite pou medam yo chape poul yo pou sove lavi yo. Sa pral oblije yo retounen nan peyi manman an pou yo ka rale yon souf. E se nan moman kote lespri yo pi poze a yo pral rann yo kont jan chay twoma yo t ap pote a te lou sou do yo.

KWAPETWOMA mete pwojektè sou plizyè reyalite: fason katwastwòf natirèl ak vyolans moun pwovoke pa bay tan pou reprann souf nan peyi a; fason anpil moun ap viv ak gwo doulè y ap pote nan kò yo ak nan lespri yo chak jou, san yo pa ka rive jwenn posibilite pale sou sa; epi fason dinamik lavi nan fanmi ak nan sosyete a pote mak twoma sa yo moun ap trennen.

Men sitou, pyès teyat la montre premye etap pou w fè fas ak doulè yo epi pran wout gerizon an kòmanse ak lapawòl. E se sa ki ta pral pèmèt medam yo, ki t ap viv yo chak nan pwòp mond pa yo ak pwòp doulè pa yo, rankontre, konprann ak soutni youn lòt, epi rekonèt yo toulede ap pote menm chay twoma akoz eksperyans yo te viv yo.

“Kwapetwoma” pa yon espektak ki fèt pou fè moun ri, men li sèvi ak ri pou rakonte, eksplike epi fè konprann reyalite anpil moun nan sosyete a. Se yon rapèl sou nesesite pou moun ki sibi eksperyans twomatik yo jwenn yon fason pou pale de doulè yo. Se yon envitasyon tou pou nou reflechi sou yon lòt fason pou viv nan peyi a, kote mwens moun ak kontinye pote chay toma pou kont yo, epi kote plis moun rive pran konsyans sou fenomèn sa pou yo akonpanye moun ki bezwen sa.

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

FOKAL - Fondasyon Konesans Ak Libète

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

Swiv nou:

Estrikti Afilye

  • Ayiti Demen
  • Centre d’Art
  • EGALEGO
  • Kiskeyart
  • Parc de martissant
  • FokalFad
  • Bibliothèque Monique Calixte

Enskri nan Nouvèl Fokal

    Copyright © 2026-FOKAL