Klèb deba pwogram Inisyativ Jenn FOKAL la nan vil Jeremi òganize yon jounen sansibilizasyon nan sant vil la sou dwa moun ki nan prizon yo, jou samdi 4 me 2019 la. Nan lokazyon sa, yon 30èn jenn mennen aktivite pou raple dwa detni yo, reflechi sou kondisyon yo e diskite sou jan pou chanje yo.
Jounen sansibilizasyon sa se aboutisman yon inisyativ ki te pran lane 2018 la, nan lokazyon kan nasyonal deba a ki te fèt Le MontCel, kote klèb Jeremi a te konvenk yon jiri pou ba yo sipò ak pwojè pou atire atansyon popilasyon an sou dwa prizonye yo genyen e kreye aktivite pou favorize dwa sa yo.
Konsa, klèb deba a jwenn sipò pwogram Edikasyon sitwayen FOKAL la ak sipò Avoka San Fwontyè Kanada, pou atenn objektif sa, nan founi akonpayman, fòmasyon ak mwayen.
Jounen an te kòmanse ak rasanbleman jenn yo nan lokal Alyans Fransèz nan Jeremi a 10 zè nan maten, pou dènye kominkasyon ak eksplikasyon yo. Vè 11è nan maten, yon delegasyon 29 jenn klèb deba Jeremi ansanm ak de (2) responsab klèb la yo an tanmen yon mach, pankat nan men, nan kèk ri nan vil la. « Prizonye yo se moun tankou tout moun », « vyole dwa yon prozonye se yon enjistis » se kèk nan pawòl ki te enskri sou pankat sa yo ak nan mayo jenn yo.
Mach la te abouti nan prizon sivil Jeremi a kote delegasyon an te fè yon kout vizit pou antreteni ak prizonye yo sou kondisyon yo anndan prizon an. Sou plas, yo rekeyi temwayaj kèk prizonye, e yo repati ak kèk zèv yo ak angajman pou ekspoze yo nan konferans ki ta pral fèt an apre a.
Jenn yo te mache nan vil la ankò apre vizit la, fwa sa ak zèv prizonye yo nan men yo tou, anba rega moun ki tap pase yo ki pat manke ranseye yo sou aktivite a. Yo pase sou plas zam nan, devan fwaye kiltirèl la, akote mini estadyòm Jeremi a, epi yo grenpe mòn Bourèt la pou yo al poze baz yo nan Sant Carl Edouard Peters », kote jounen sansibilizasyon an ta pral konnen dezyèm faz li.


Òganizatè yo satisfè ak aktivite a. Selon Valdinde, sansibilizasyon sa pa kanpe la. Jenn Jeremi yo ap kontinye kreye aktivite kote yo ka pale ak moun yo de pwoblèm vyolasyon dwa prizonye yo, patikilyèman sa ki nan prizon sivil Jeremi a yo.

