
BMC fè pati rezo LITTAFCAR (www.littafcar.org) pou pwomosyon literati peyi Afriken yo ak Karayib la. Pwojè sa a (2012-2015), se Inyon ewopeyèn ki te finanse l, e se sant kiltirèl nan peyi ACP yo (Lafrik, Karayib, Pasifik) ki gen ladan Sant Artisttik Africa nan Kotonou (Benen), Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) nan Pòtoprens (Ayiti), Sant ISHYO nan Kigali (Wannda) ak ONG kiltirèl Koperasyon Edikasyon Kilti (CEC) nan Briksèl (Bèljik) ki te aplike l.
Pou konsilte katalòg la ki fè yon sèl ak pa Sant kiltirèl Katherine Dunham lan, klike la.
Espas yo
Espas pou granmoun: Nou jwenn liv ki rezève pou etid, pou pwofesyonèl ak lòt liv ki fèt espesyalman pou granmoun. Koleksyon ayisyen an ranje apa la tou menm jan ak koleksyon teyat “Kat chemen” ak koleksyon liv fotografi.
Espas Jèn yo: Sa se espas pou liv ki rezève pou timoun lekòl ki gen plis pase dizan ak elèv yo. Liv ki nan espas sa a yo idantifye pa pwen ki gen koulè pal.
Zòn timoun yo : rezève pou pi piti yo, li se yon nouvo espas ak yon kapasite pou akeyi plis moun. Aktivite espesifik pran plas la: lè pou kont, atelye brikolaj, kap.
Espas Miltimedya: de bòn ak senk òdinatè yo chak disponib gratis pou gade CD-ROM ak lòt dokiman odyovizyèl. Yon dizèn òdinatè disponib pou lektè yo anplis asistans teknik pou fè rechèch ak sesyon fòmasyon.
Espas Harold Courlander (Ameriken Corner): Koleksyon nan espas sa a gen ladan sitou dokiman ameriken an franse. Twa òdinatè disponib pou lektè pou rechèch entènèt gratis sou sit espesifik.

