Ochan pou yon lidè peyizan san parèy
Mompoint Elie ale kite n nan dat 18 mas 2026. Lè nouvèl la vin jwenn mwen, m santi yon tristès wòtpòt plen kè m. M te konnen li te malad, m te konnen li te kòmanse pran laj, men konprann Mompoint pap la ankò voye m repase nan memwa m tout sa nou te viv ansanm sitou nan 15 dènye lane yo. Nou te vin devlope yon relasyon konfyans ak respè ki te klè pou nou toulede chak fwa nou te rankontre. M te gen okazyon al sou teren lakay li Bèladè anpil fwa, kote lè m te deplase pou detwa jou, minwi te konn pran n sou pewon lakay li ap diskite sou pwoblèm peyi a.
Eksperyans lavi m ak Mompoint remonte lwen. Se kòm si m wè misye k ap mete agiman atè nan Kongrè Nasyonal Tèt Kole yo, menm jan ak nan lòt rankont nou te konn genyen sou mouvman peyizan yo. Nou pase yon tan ansanm tou nan Konsèy administrasyon ak nan Asanble Jeneral ITECA, kote pawòl Mompoint toujou pote lide tounèf ki merite analize. Menm jan an tou, prezans li te enpòtan anpil nan dènye inisyativ m te pran pou rasanble plizyè manm òganizasyon peyizan pou nou diskite ansanm epitou mennen yon refleksyon kritik sou mouvman an. Ki kote nou ye jounen jodi an? Ki kote nou prale? Li te toujou di, se pa nòt pou laprès sèlman ki pou fè lit yo avanse.
Se konsa li te pran inisyativ pou chak premye Me, fèt travay ak agrikilti, misye ak manm òganizasyon li an te reyini nan bouk Bèladè anpil otorite tankou, majistra, jij, komisè gouvènman, direktè lise, agwonòm depatmantal, depite, senatè, elatriye, pou yo vin eksplike aklè ki travay yo fè an favè popilasyon an pandan manda yo. Rankont sa yo te konn fè gwo deba, men se te yon kokenn moman deliberasyon demokratik ant sitwayen ak sitwayèn anfas reprezantan Leta yo.
Nan youn nan vizit teren m te fè Bèladè, Mompoint te ensiste anpil pou òganizasyon an te ka gen pwòp espas li kote li ka reyini, fè fòmasyon, fè estokaj pwodui yo, resevwa vizitè. Nou t al gade ansanm yon teren ki sou non òganizasyon an. Li te ban n garanti sou sa. Se konsa, nou konstwi Sant Kominotè TK Bèladè a ki fini nèt jounen jodi a. Sa fè m mal pou m konnen lè Sant la pral inogire, Mompoint pap la an pèsonn. Men m konnen l ap la avè n nan lespri nou.
Dènye fwa m al Bèladè, se te ak Chenet. Nou te fè yon rive paske Mompoint te vle nou rankontre jèn fanm ak jèn gason li te entegre nan òganizasyon an. Li te vle asire n gen yon relèv pou lè l pa la ankò. Nou fè plizyè rankont ak jèn yo jou sa. Sa vin pwouve n vizyon Mompoint te toujou genyen pou batay pou peyizan yo, batay pou chanjman nan peyi d Ayiti pa rete nan chimen nan zòn lakay li, lè li pran vwèl pou peyi san chapo.
Dènye fwa nou pale, li te endiye dèske nou pa te ka rankontre ankò poutèt fason gang ame yo te layite kò yo nan Ba Plato a. Nou fè yon bon moman ap pale sou degradasyon peyi a, men an final, Mompoint toujou kite m ak yon pawòl lespwa.
Se moman pou m prezante kondoleyans mwen bay tout fanmi Mompoint an. M konnen doulè nou, m pataje l, m respekte dèy nou tou. Kondoleyans tou pou manm òganizasyon TK yo an jeneral, TK Bèladè an patikilye, pou zanmi ak kolèg li yo nan komin Bèladè, nan ITECA, ak nan Kolektif òganizasyon nou an. An n kenbe nan memwa nou egzanp angajman ak onètete san parèy Mompoint kite pou nou.
Onè-Respè pou ou, zanmi-kanmarad Mompoint Elie.
Michèle Duvivier Pierre-Louis
Prezidant FOKAL
15 avril 2026
