28 oktòb : Jounen entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl

Site 28 oktòb 1983 – 28 oktòb 2025 fè 42 lane depi Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) te rekonèt dat sa a kòm « Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ».

An Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) òganize pandan tout mwa oktòb la yon seri aktivite ki antre nan kad mwa kreyòl la, anba tèm : « Lang kreyòl, zouti devlòpman nan tout Repiblik la ! ». Yon tèm ki envite nou reflechi sou plas ak wòl fondamantal lang nou an nan pwosesis devlòpman peyi a.

Jounen 28 oktòb la reprezante plis pase yon dat pou selebre. Se yon okazyon pou n sonje richès kiltirèl ak kreyatif pèp ayisyen an, epi pou n konsidere kijan lang ak kilti kreyòl kapab sèvi kòm poto mitan pou devlopman dirab, solidarite sosyal ak pwodiksyon konesans nan tout domèn. Lang kreyòl la se sa ki makònen nou youn ak lòt, li se mwayen ki pèmèt nou pataje eksperyans, konstwi lide, epi kominike ak mond lan sou baz pwòp idantite nou.

Nan okazyon sa a, Fondasyon Konesans ak Libète - FOKAL salye tout fanm ak gason k ap travay chak jou pou fè lang ak kilti kreyòl la pwogrese. FOKAL rete angaje nan vizyon ki chèche devlope ak valorize eritaj kiltirèl nou. Li ankouraje tout aktè — akademisyen, atis, pwofesè, powèt, ekriven, jounalis, etidyan — kontinye sèvi ak kreyòl kòm zouti konesans, dyalòg ak kreyasyon.

FOKAL swete yon bon Jounen Lang ak Kilti Kreyòl a tout Ayisyen ak Ayisyèn, lakay kou lòt bò dlo, ansanm ak tout pèp kreyolofòn nan Karayib, nan Amerik ak nan Loseyan Endyen ki kontinye fè lang ak kilti kreyòl la viv, respire epi evolye.

Se kreyòl nou ye !

Image

FOKAL - Fondasyon Konesans Ak Libète

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2025 fokal. Designed By katabeno

S'abonner à nouvèl FOKAL