ABKODEL angaje l pou sove tifi nan Site Solèy gras ak lakilti
Òganizasyon An n Bati yon lòt Kominote nan Devlopman ak Lapè - ABKODEL ap reyalize depi mwa dawout yon pwojè ki pote non “Kilti pou sove tifi”. Inisyativ sa a vize akonpanye 30 tifi nan Site Solèy nan plizyè aktivite kreyatif tankou dans tradisyonèl, teyat ak aprantisaj kwochè. Pwojè a ap rive nan bout li nan mwa oktòb k ap vini la.
Komin Site Solèy rete youn nan zòn ki pi defavorize nan depatman Lwès la. Nan kontèks sa a, pwojè “Kilti pou sove tifi” pa sèlman chèche mete lajwa nan kè patisipan yo, men li ofri tou zouti pou devlope kapasite yo, ranfòse otonomi yo epi ede yo pi byen prepare pou afwonte difikilte lavi chak jou nan kominote a.
Plizyè paran te temwaye rekonesans yo anvè ABKODEL pou aktivite sa yo, ki bay tifi yo yon espas pozitif ak kreyatif pandan vakans yo. Konsa, jèn patisipan yo jwenn opòtinite pou aprann nan yon anbyans sen epi anrichisan, olye yo ta tonbe nan aktivite ki ka gen konsekans negatif sou lavni yo.
Se pou dezyèm fwa Fondasyon Konesans ak Libète - FOKAL sipòte inisyativ ABKODEL. Anvan sa, Fondasyon an te akonpaye òganizasyon an nan mete sou pye yon pwojè jwèt echèk nan plizyè lekòl nan Site Solèy, nan lide pou ankouraje kapasite refleksyon lakay jèn yo.
Daprè Henry Claude Étienne, kowòdonatè jeneral ABKODEL, sipò FOKAL la te jwe yon wòl enpòtan nan pèmèt òganizasyon an pi byen pozisyone l nan kominote a, avanse nan objektif li yo epi ranfòse kredibilite li bò kote lòt enstitisyon patnè.
FOKAL rete fidèl ak angajman li pou akonpaye òganizasyon k ap travay nan sosyete sivil la, espesyalman inisyativ ki vize ranfòse otonomi jèn yo, an patikilye fanm ak tifi. Nan sans sa a, Fondasyon an salye ABKODEL pou angajman li nan menm lojik la nan komin Site Solèy.
Kèk enfòmasyon sou ABKODEL
Òganizasyon ABKODEL fonde nan dat 21 septanm 2014 nan Site Solèy. Li travay nan plizyè domèn : edikasyon, anviwònman, teknoloji ak dwa moun (pwoteksyon timoun, respè dwa fanm ak tifi). Misyon li se kontribye nan amelyorasyon lavi kominote a atravè fòmasyon sitwayen angaje, epi ankouraje devlopman kolektif ak pèsonèl.