8 septanm: Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon

Journée internationale dalphabétisation SitDepi 1967, chak 8 septanm se Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon, yon okazyon espesyal pou sansiblize tout moun sou enpòtans alfabetizasyon genyen nan bati sosyete ki chita sou lapè ak devlòpman.

Pou ane 2025 la, jounen sa selebre anba tèm : « Fè pwomosyon pou alfabetizasyon nan kontèks nimerik la ». Tèm sa montre alfabetizasyon pa sèlman limite ak kapasite pou moun konn li, ekri oswa konte. Men tou, li pèmèt ou devlope kapasite pou sèvi ak rezo sosyal yo, chèche ak verifye enfòmasyon sou entènèt, epi konnen kijan pou itilize yo nan lavi chak jou. Li ouvè pòt sou nouvo mwayen pou aprann epi pataje konesans.

Dapre enfòmasyon UNESCO pibliye pou lane 2024, gen pou pi piti 739 milyon moun nan lemond (jèn ak granmoun) ki toujou pa ka li ni ekri kòrèkteman. Anplis, estatistik yo montre 4 timoun sou chak 10 pa rive atenn nivo debaz nan lekti.

Alfabetizasyon se yon dwa fondamantal ki bay tout moun posibilite pou devlope otonomi yo, diminye lamizè epi kontribye nan devlopman dirab. Malerezman, an Ayiti, depi plizyè lane, sitiyasyon difisil ak ensekirite anpeche anpil timoun ak jèn jwenn aksè regilye ak lekòl, sa ki gen gwo konsekans sou aprantisaj yo.

Nan okazyon sa, Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) salye tout patnè oubyen enstitisyon k ap travay san pran souf pou fè plis timoun rive aprann li ak ekri. Nou kwè fòs zouti dijital yo kapab sèvi kòm levye pou n avanse sou wout yon sosyete san fòs kote.

Image

FOKAL - Fondasyon Konesans Ak Libète

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2025 fokal. Designed By katabeno

S'abonner à nouvèl FOKAL