Sant Kiltirèl CJB : lakilti kòm zouti pou lapè ak rekonsilyasyon an Ayiti

CJB Site bonNan kad pwojè « Teyat pou lapè ak rekonsilyasyon », Sant Kiltirèl Chavannes Jean-Baptiste (CJB) te lanse yon pwogram fòmasyon ki dewoule ant 2 ak 22 dawout. Objektif li se te fòme yon gwoup jèn sou fason pou itilize lakilti kòm zouti pou ankouraje lapè, dyalòg ak rekonsilyasyon nan kominote yo.

Aktivite a te fèt nan depatman Sant, espesyalman nan vil Ench, epi li te rasanble anviwon ven (20) jèn ki soti nan plizyè lokalite. Daprè Valery Joseph, direktè egzekitif Sant lan, « jèn yo te montre gwo enterè nan aprantisaj teknik teyat yo pandan atelye yo, ak nan angajman yo te pran pou transmèt mesaj lapè ak rekonsilyasyon ».

Anplis fòmasyon yo, Sant Kiltirèl CJB te òganize yon espektak teyat lari nan komin Sèka-Kavajal, 17 dawout pase a, sou tèm « Teyat pou lapè ak rekonsilyasyon ». Aktivite a ap fèmen ak yon dezyèm espektak nan komin Ench, vandredi 22 dawout, apati 4è nan apremidi, ak yon defile ki ap kòmanse sou plas Charlemagne Péralte pou al bout nan lokal Sant lan nan Ri Alexandre Pétion.

Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) salye angajman Sant Kiltirèl CJB nan fè pwomosyon lakilti kòm mwayen transfòmasyon sosyal nan depatman Sant lan, espesyalman nan Ench. FOKAL fyè dèske li te akonpaye pwojè sa a ki bay yon gwoup jèn chans pou aprann epi sèvi ak kreyativite yo pou ankouraje lapè ak rekonsilyasyon nan kominote yo. Fondasyon an rete kwè fòs kreyatif kiltirèl la kapab jwe yon wòl enpòtan nan jefò pou sòti peyi a nan sitiyasyon malouk li twouve l depi kèk tan an.

Image

FOKAL - Fondasyon Konesans Ak Libète

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2025 fokal. Designed By katabeno

S'abonner à nouvèl FOKAL