Pyès teyat « Se pa sèl kou ki fè mal » pote refleksyon sou sistèm edikatif la

 

foto ln w logoNan kad pwojè Lekòl Nou, plizyè lekòl nan depatman Sant la, sitou nan Mibalè, te akeyi pyès teyat « Se pa sèl kou ki fè mal », yon pwodiksyon ki denonse move pratik ak abi ki egziste nan sistèm edikatif la.

Se Chelson Ermoza, komedyen ak metè an sèn, ki mete pyès la sou pye. Li reyalize li ansanm ak Twoup Teyat Jak Solèy, ki se yon gwoup jèn aktè angaje nan kesyon edikasyon ak jistis sosyal.

Pyès la mete aksan sou vyolans fizik ak sikolojik ki souvan ap fèt sou elèv, e li envite piblik la—sitou jèn yo ak pèsonèl lekòl yo—reflechi sou fason pou konstwi yon anviwònman lekòl ki plis senpatik, respèktab ak ekitab.

Ou ka gade yon ekstrè pyès la epi tande temwayaj kèk patisipan yo sou eksperyans yo pandan aktivite a : Klike sou lyen sa pou wè videyo a.

Image

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI

143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112 Port-au-Prince,Haïti

Tel : (509) 2813-1694

© 2025 fokal. Designed By katabeno

S'abonner à nouvèl FOKAL