In Memoriam Didier Dominique
Chak ane, depi 2011, FOKAL toujou komemore dat 12 janvye an pou nou sonje tout moun ki te pèdi lavi yo nan katastwòf 2010 la. Chak ane, Didier toujou la. An 2022, nan okazyon sa, li te vle fè yon mach sitwayèn ki pou ta soti Petyonvil pou l rive nan Pak Matisan an. Se te lide l pou montre sosyete an ak pouvwa an plas la anyen pa te fèt vre pou rekonstwi Kapital la. Fò n te ka montre yon fòs sosyal ki defile nan tout lari yo epi ki rive nan Memoryal Pak la, yon espas senbolik dedye pou memwa dezas la. Didier te fin pa reyalize pwojè mach sa pa te ka fèt, ensekirite te deja menase plizyè katye, li aksepte pwopozisyon pou chak katye komemore seyis la nan fason pa l. Sa te pase byen nan rekèyman, ak anpil temwayaj.
An 2024, lè li vin salye m apre seremoni an li di m : « Ou wè Michèle, m toujou vin nan sa w òganize yo, m pa t ap manke sa jodi a dotan nou rann yon bèl omaj sou tradisyon sakre peyi a ak tanbourinè yo. » Se vre. Didier toujou la. Se sa ki fè, lè m pa wè Didier nan komemorasyon 12 janvye 2025 la, kè m sote. Èske li malad ? Èske l vwayaje ? Èske li sou teren ap fè travay militan li ?
M pa te gen repons jou sa. Men lè nan maten 18 me m aprann Didier ale kite n, m vin poze tèt mwen kesyon sou absans misye nan seremoni 2025 la.
Depi FOKAL enstale nan lokal Avni Kristòf la, li ra pou pa wè epi tande Didier nan aktivite piblik yo espesyalman konferans-deba ak pwojeksyon fim yo. Men relasyon m ak Didier remonte byen lwen anvan moman sa yo. M sonje nan batay pou mande jistis apre depa Duvalier an, anpil nan nou te vle Fò Dimanch-Fò Lanmò te tounen yon mize pou montre jèn jenerasyon yo kisa ki te pase nan 29 lane diktati an, pou memwa vyolans ak vyolasyon dwa moun ki te pratike chak jou nan peryòd sa. Didier te kreye pou gwoup nou an yon bèl afich ki te reprezante Fò a kote nan chak fenèt se te vizaj yon prizonye politik li te desinen. M te kenbe youn nan kopi afich sa pandan lontan an souvni lit nou te mennen ak rèv nou te genyen pou peyi a.
Nou te vin rewè an apre nan plizyè okazyon. Lè li te pibliye yon tèks, li te toujou pote kopi pou nou depi lè Savalou E te parèt. M tounen gade youn nan ti dokiman li te ekri sou Aménagement du territoire et urbanisme, kote li te travay sou « Lois politiques et projets de société » avèk ekip li an nan « Centre de Recherches Urbaines – Travaux (CRU-T).
Men se liv Didier te ekri ak Rachel la ki te plis make m : Textes à Conviction. Yon liv refleksyon sou patipri misye te genyen kòm maksis nan tout analiz li te fè. Se te prism li te chwazi pou kritike sosyete an nan tout fas li. M te gen dwa pa toujou dakò ak Didier, men mwen toujou rekonèt konviksyon san fay li, onètete li ak angajman li nan lit li mennen nan òganizasyon militan li.
Dènye fwa m wè Didier, li te vin bò kote Lorraine avè m nan FOKAL, pou diskite sou enkyetid li te genyen sou eritaj patrimonyal peyi a. Gen anpil degradasyon k ap fèt nan espas mistik yo, gen atefak k ap disparèt. Nou te pran randevou pou apwofondi kesyon sa yo, men sitiyasyon peyi a pa te pèmèt sa fèt.
Nan moman Didier travèse, mwen menm ak tout FOKAL ap prezante senpati n bay tout fanmi Didier, pitit fiy li Arielle, kanmarad militans li yo, kòlèg li yo nan Lakou Bovwa ak Anba Zanmann, ak tout zanmi li yo.
Nan liv Textes à Conviction an m tonbe sou yon chante vodou (p.99) m ap chante pou Didier jodi a :
Ala yon bèl seremoni n ap fè, se pou Lwa yo
Lafanmi la yo, jete dlo, beni dlo
Eritye yo la, chante pou mwen.
Jou m tonbe, men sa k a ranmase mwen ?
Jou m tonbe, sa k a ranmase mwen ?
Mwen se Sanba ki soti nan Panyòl o,
Mwen pa konn chante, chante pou mwen !
Bòn wout ! Pèleren !
Michèle Duvivier Pierre-Louis