Lis 10 gayan premye quiz sou wèbseri « Ayiti, dèt la »
Fondasyon Konesans ak Libète - FOKAL remèsye tout moun ki te patisipe ak anpil antouzyas nan quiz sou premye epizòd wèbseri « Ayiti, dèt la ». Nou kontan wè enterè ak angajman nou pran pou reflechi sou listwa peyi nou.
Jodi a, FOKAL fyè pou l anonse lis 10 gayan yo ki te reponn kesyon yo kòrèkteman nan premye quiz la.
Si ou pat genyen fwa sa a, pa dekouraje ! Gen anpil lòt opòtinite k ap vini, paske seri quiz yo ap kontinye pandan tout difizyon wèbseri a.
Rete konekte sou tout platfòm FOKAL yo pou pa rate 2èm epizòd la, ki gen pou tit « Travèse », epi ki pral disponib nan dat premye me a apati 6h nan aswè, sou Facebook ak YouTube FOKAL ak patnè li yo. Se yon lòt bèl okazyon pou n aprann plis sou listwa nou ansanm.
Lis 10 gayan yo
Sou Facebook :
1. Matheïs Copath Guynior
2. Mervil Wiseguere
3. Svarinska L’hollandaise Sng
4. Pie Dheer Gedeon
5. Jephté Simon
Sou Instagram
6. y-raxa
7. Steeve_co
8. mag_art2
9. aelly_luz
10. a_anclyve