21 fevriye : Jounen Entènasyonal Lang manman
Vandredi 21 fevriye 2025 lan fè 25 lane depi UNESCO te chwazi dat sa a pou selebre « Jounen Entènasyonal Lang Manman » yo, nan lide pou fè pwomosyon pou divèsite lang, divèsite kiltirèl ak edikasyon nan plizyè lang. Se yon inisyativ ki vize pou ankouraje diyite, lapè ak konpreyansyon nan mitan pèp yo.
Jounen sa a dwe sèvi pou nou reflechi sou reyalizasyon nou nan domèn sa, an menm tan se yon apèl pou renouvle angajman nou epi mete limyè sou wòl enpòtan lang manman yo jwe nan prezève patrimwàn kiltirèl yo, amelyore kalite edikasyon ak bati yon sosyete pasifik epi dirab.
Nan okazyon sa, Fondasyon Konesans ak Libète - FOKAL ankouraje tout sektè nan peyi a pou yo kontinye valorize lang manman nou, kreyòl la, ki se yon zouti kominikasyon ki soude ansanm tout Ayisyèn ak Ayisyen.
Valorizasyon tout lang fèt nan pale l ak ekri l byen selon prensip ki tabli pou sa !