
Kijan nou viv ak eksprime emosyon nou yo ? Kijan nou ka aprann jere yo epi pran swen tèt nou? Se kèk nan kesyon « Ti koze sou santiman ak emosyon », yon nouvo feyton FOKAL ap pote pou nou apati jedi 17 septanm 2026 la.
Nan istwa fanmi Pouchon ak Guerda, n ap dekouvri sitiyasyon ak moman ki sanble ak sa anpil nan nou ap viv chak jou. Atravè pèsonaj yo, feyton an pèmèt nou pale sou santiman ak emosyon, fason nou eksprime yo, fason nou ka jere yo, ansanm ak kèk konsèy pou ede nou pran swen sante mantal nou.
N ap kapab koute epizòd yo sou Radio Télé La Brise 104.9 Stéréo nan Sid, Radio Mélodie Inter 98.3 FM nan Pòtoprens ak Radyo Kominotè Batay Peyizan 88.3 FM nan Tigwav.
Epizòd yo ap disponib tou sou rezo sosyal yo, sou paj Facebook ak Instagram Lekòl Nou, ansanm ak sou Spotify ak chèn YouTube Lekòl Nou.
« Ti koze sou santiman ak emosyon » se yon reyalizasyon FOKAL nan kad inisyativ Lekòl Nou. Premye epizòd la deja la, al suiv li !
