Tanpri li enfòmasyon ki anba yo avèk atansyon anvan ou kòmanse ranpli fòm nan.
Pwogram sibvansyon Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) egziste depi lè fondasyon an te kreye, epi li pèmèt li finanse, swivan tèm ki defini davans, yon ansanm pwojè san bi likratif ke moun, asosyasyon, òganizasyon, fondasyon, elatriye ap mennen. Tout pwojè ki jwenn sibvansyon mache ansanm ak misyon FOKAL la.
Dwa Moun ak Sosyete Sivil

Kategori sa a konsène pwojè san bi likratif ki fèt pou pwoteksyon, pwomosyon ak respè dwa fondamantal ak libète chak moun. Sa gen ladan l pwojè sou: dwa fanm ; ekite ant sèks ; sipò bay moun ki viktim vyolans ; aksè ak lajistis, reyentegrasyon sosyal, devwa memwa, ansanm ak èd pou pibliye liv oswa dokiman sou sijè rechèch ki gen rapò ak tèm sa yo.

Dokiman pou bay:

  • Prèv egzistans (pyès idantite pou kontak la, rekonesans legal pou enstitisyon ki rekonèt yo)
  • Prèv aktivite ki te fèt anvan sa
  • Lis prensipal moun k ap patisipe nan pwojè a avèk yon CV tou kout pou kontak la
  • Bidjè previzyonèl ak plan finansman detaye (Si bidjè a prezante sou yon lòt fòm)
  • Estati òganizasyon an (si se yon òganizasyon ki fè demann lan)
  • Tout lòt endikasyon oswa klarifikasyon (pa egzanp: kont ak bilan finansye òganizasyon an)

Kote pwojè a ap fèt: FOKAL bay pwojè k ap fèt an Ayiti yo priyorite.