{"id":21825,"date":"2026-11-12T16:21:29","date_gmt":"2026-11-12T21:21:29","guid":{"rendered":"https:\/\/fokal.org\/?p=21825"},"modified":"2026-11-12T20:28:37","modified_gmt":"2026-11-13T01:28:37","slug":"kreyasyon-litere-an-kreyol-pou-timoun-innoved-uniq-rekonpanse-nef-loreya","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/kr\/2026\/11\/12\/kreyasyon-litere-an-kreyol-pou-timoun-innoved-uniq-rekonpanse-nef-loreya\/","title":{"rendered":"Kreyasyon liter\u00e8 an Kreyol pou timoun : InnovEd-UniQ rekonpanse n\u00e8f loreya"},"content":{"rendered":"\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-1 wp-block-paragraph\">E si plis timoun te ka grandi ak liv ki rakonte istwa nan lang yo pale chak jou a? Se youn nan objektif Iniv\u00e8site Kiskeya ap ch\u00e8che reyalize atrav\u00e8 <strong>Enstiti Sipery\u00e8 F\u00f2masyon, Rech\u00e8ch ak Inovasyon nan Edikasyon (InnovEd-UniQ)<\/strong>, ki te \u00f2ganize yon konkou nasyonal t\u00e8ks ak ilistrasyon an krey\u00f2l ayisyen. Samdi 7 novanm 2026 la, enstitisyon an te klotire inisyativ sa a av\u00e8k yon seremoni remiz pri pou n\u00e8f loreya yo, nan oditory\u00f2m CCC Iniv\u00e8site Kiskeya, nan prezans rekt\u00e8 a, pwofes\u00e8 <strong>Jacky Lumarque<\/strong>, ansanm ak plizy\u00e8 p\u00e8sonalite nan dom\u00e8n edikasyon ak kilti, paran, zanmi ak k\u00e8k nan patisipan yo. Moun ki pa te kapab prezan yo te suiv seremoni an an dir\u00e8k sou ent\u00e8n\u00e8t.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-2 wp-block-paragraph\">Konpetisyon sa a ki te lanse nan dat 8 avril 2026, te envite el\u00e8v, pwofes\u00e8, etidyan, ot\u00e8 ak j\u00e8n ilistrat\u00e8 pou kreye kontni pou timoun nan twa kategori : Kont, Resi kout ak Bann desine. Patisipan yo te travay sou div\u00e8s t\u00e8m, tankou kominote, konbit, lanati, solidarite, resp\u00e8, responsablite, angajman ak devlopman. Yon jiri ki te gen ladan l ot\u00e8, edit\u00e8, lengwis, ilistrat\u00e8, pwofes\u00e8 ak l\u00f2t pwofesyon\u00e8l nan sekt\u00e8 kiltir\u00e8l la te evalye travay patisipan yo.<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-gallery has-nested-images columns-default is-cropped wp-block-gallery-1 is-layout-flex wp-block-gallery-is-layout-flex\">\n<figure class=\"wp-block-image size-large is-resized\"><img fetchpriority=\"high\" decoding=\"async\" width=\"1350\" height=\"1191\" data-id=\"21844\" src=\"https:\/\/fokal.org\/wp-content\/uploads\/2026\/11\/gary-victor-innoved.jpg\" alt=\"\" class=\"wp-image-21844\" style=\"width:424px;height:auto\"\/><\/figure>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-image size-large is-resized\"><img decoding=\"async\" width=\"1350\" height=\"1383\" data-id=\"21843\" src=\"https:\/\/fokal.org\/wp-content\/uploads\/2026\/11\/prezidant-aka.jpg\" alt=\"\" class=\"wp-image-21843\" style=\"width:421px;height:auto\"\/><\/figure>\n<\/figure>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-3 wp-block-paragraph\">Inisyativ la pa te vize s\u00e8lman \u00f2ganize yon konkou ak rekonpanse gayan yo. Li te ch\u00e8che mete aksan tou sou plas literati pou timoun ak lang krey\u00f2l la. Ekriven Gary Victor, ki te prezidan jiri a, te raple nesesite pou timoun jwenn liv ki ka ede yo devlope lanmou pou lekti depi nan premye ane lavi yo. Li te deklare : \u00ab <em>Literati pou timoun, se pi bon literati ki genyen. Paske l\u00e8 nou enterese timoun yo li, se l\u00e8 sa a n ap jwenn granmoun ki vin renmen lekti<\/em> \u00bb. Li te ajoute : \u00ab <em>L\u00e8 nou p\u00e8m\u00e8t anpil moun ekri an krey\u00f2l pou timoun, nou ede lang krey\u00f2l la rive pi lwen<\/em>. \u00bb<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-4 wp-block-paragraph\"><strong>Rosilia Fran\u00e7ois Corneille<\/strong>, prezidant kons\u00e8y <strong>Akademi Krey\u00f2l Ayisyen an (AKA)<\/strong>, te felisite InnovEd-UniQ pou demach sa a. Li te souliye enp\u00f2tans li genyen pou j\u00e8n jenerasyon an, pandan li te f\u00e8 remake konkou a \u00ab <em>montre nou pran konsyans epi tou, li ede jen\u00e8s la rekonsilye ak lang li<\/em> \u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-5 wp-block-paragraph\"><strong>N\u00e8f kreyat\u00e8 jwenn rekonpans nan twa kategori<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-6 wp-block-paragraph\">Pandan seremoni an, responsab InnivEd yo te rekonpanse n\u00e8f gayan : twa loreya nan chak kategori.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-7 wp-block-paragraph\">Nan kategori <strong>Kont<\/strong> la, <strong>Tarah Cin\u00e9us Laurent<\/strong> ranp\u00f2te premye pri a av\u00e8k <em>Serafina ak peyi zetwal yo<\/em>. <strong>Jude Joseph<\/strong> klase dezy\u00e8m pou <em>Man Da ak p\u00e8 Da<\/em>, tandiske <strong>Milorddine Jean Baptiste<\/strong> jwenn twazy\u00e8m pri a pou <em>Zo\u00e9 vwa lanati<\/em>.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-8 wp-block-paragraph\">Pou kategori <strong>Resi kout<\/strong> la, <strong>Donavenly Donatien<\/strong> ranp\u00f2te premye pri a av\u00e8k <em>Poub\u00e8l Dany<\/em>. <strong>Francesca L\u2019Honneur<\/strong> klase dezy\u00e8m pou <em>Bout\u00e8y ki te vle vole a<\/em>, epi <strong>Germanie Fieff\u00e9<\/strong> jwenn twazy\u00e8m pri a pou <em>Wozlin ale nan vakans<\/em>.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-9 wp-block-paragraph\">Nan kategori <strong>Bann desine<\/strong> a, <strong>Luc Berline Matilot<\/strong> ranp\u00f2te premye pri a av\u00e8k <em>Gangan Jak<\/em>. <strong>Lydia Pierre-Pierre<\/strong> jwenn dezy\u00e8m pri a pou <em>Ki koul\u00e8 Naya pi renmen<\/em>, tandiske <strong>Luc Berlin Matilot<\/strong> klase twazy\u00e8m pou <em>Espedisyon 110010<\/em>.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-10 wp-block-paragraph\">Loreya yo resevwa plizy\u00e8 kalite rekonpans, tankou liv, bon acha, matery\u00e8l eskol\u00e8 ak nimerik, meday, ch\u00e8k ak bous etid. Patisipan ki te klase katriy\u00e8m nan chak kategori te resevwa prim konsolasyon tou.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-11 wp-block-paragraph\"><strong>Ankouraje kreyasyon pou timoun, soutni lang krey\u00f2l la<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-12 wp-block-paragraph\">Pou InnovEd-UniQ, demach sa a depase kad yon senp konkou. Li chita sou nesesite pou ogmante kantite ak kalite liv ak l\u00f2t matery\u00e8l edikatif ak kiltir\u00e8l ki disponib pou timoun an krey\u00f2l ayisyen. Se yon fason pou ankouraje abitid lekti ak ekriti depi nan laj ki pi piti, pandan y ap bay nouvo kreyat\u00e8 yo okazyon pou devlope talan yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-13 wp-block-paragraph\">Plizy\u00e8 mezon edisyon, libreri, enstitisyon piblik ak prive ansanm ak fondasyon te pote kole nan reyalizasyon inisyativ la. Pami patn\u00e8 sa yo, <strong>Fondasyon Konesans ak Lib\u00e8te &#8211; FOKAL <\/strong>te bay sip\u00f2 li pou ankouraje kreyasyon liter\u00e8 ak ilistrasyon an krey\u00f2l pou timoun. Angajman sa a antre nan travay Fondasyon an ap mennen nan dom\u00e8n edikasyon ak kilti, kote li bay kreyasyon ak difizyon kontni kiltir\u00e8l ayisyen yo yon plas enp\u00f2tan.<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-image size-full\"><img decoding=\"async\" width=\"1900\" height=\"747\" src=\"https:\/\/fokal.org\/wp-content\/uploads\/2026\/11\/innoved-gwoup.jpg\" alt=\"\" class=\"wp-image-21845\"\/><\/figure>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>E si plis timoun te ka grandi ak liv [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":21842,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[416,419,422,425,452,428],"class_list":["post-21825","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr","tag-edikasyon-kr","tag-konkou-kr","tag-kreyol-kr","tag-literati-kr","tag-liv-pou-timoun-kr","tag-timoun-kr"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/21825","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=21825"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/21825\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":21851,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/21825\/revisions\/21851"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/21842"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=21825"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=21825"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=21825"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}