{"id":21757,"date":"2026-10-28T18:35:42","date_gmt":"2026-10-28T22:35:42","guid":{"rendered":"https:\/\/fokal.org\/?p=21757"},"modified":"2026-10-28T18:41:35","modified_gmt":"2026-10-28T22:41:35","slug":"28-oktob-lang-ak-kilti-kreyol-yon-eritaj-pou-nou-kontinye-valorize","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/kr\/2026\/10\/28\/28-oktob-lang-ak-kilti-kreyol-yon-eritaj-pou-nou-kontinye-valorize\/","title":{"rendered":"28 okt\u00f2b : lang ak kilti krey\u00f2l, yon eritaj pou nou kontinye valorize"},"content":{"rendered":"\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-1 wp-block-paragraph\">Chak 28 okt\u00f2b, <strong>Jounen ent\u00e8nasyonal lang ak kilti krey\u00f2l<\/strong> la se yon okazyon pou nou rekon\u00e8t rich\u00e8s lang krey\u00f2l yo, istwa yo ak kilti yo pote. An Ayiti, krey\u00f2l la plis pase yon mwayen kominikasyon : li se youn nan poto mitan nan idantite nou, memwa kolektif nou ak patrimw\u00e0n kiltir\u00e8l nou.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-2 wp-block-paragraph\">Lang krey\u00f2l ayisyen an soti nan rankont istorik ki te f\u00e8t nan yon kont\u00e8ks kolonyal ak esklavaj, epi rezistans ak echanj ant p\u00e8p yo te kontribye nan f\u00f2me li. Li vin tounen yon lang kreyasyon, transmisyon ak ekspresyon. Li pote tras istwa nou, eksprime reyalite nou epi okipe yon plas enp\u00f2tan nan literati nou, mizik nou, teyat nou ak tradisyon popil\u00e8 nou yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-3 wp-block-paragraph\">Malgre krey\u00f2l ayisyen an se lang ofisy\u00e8l nou tou, menm jan ak frans\u00e8 a, li toujou ap f\u00e8 fas ak anpil defi, sitou nan dom\u00e8n edikasyon, administrasyon ak pwodiksyon konesans. Pou valorize lang nan, f\u00f2k gen plis espas nan enstitisyon yo kote yo s\u00e8vi ak li, f\u00f2k gen bon jan ans\u00e8yman an krey\u00f2l epi f\u00f2k yo ankouraje pwodiksyon kontni ki kontribye nan devlopman lang nan ak transmisyon li bay jenerasyon k ap vini yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-4 wp-block-paragraph\">Nan okazyon jounen sa a, <strong>Fondasyon Konesans ak Lib\u00e8te \u2013 FOKAL<\/strong> reyafime angajman li pou kontinye valorize lang ak kilti krey\u00f2l. Rekon\u00e8t plas yo nan tout dom\u00e8n nan lavi kolektif la, se kontribye nan konstriksyon yon sosyete kote chak sitway\u00e8n ak sitwayen kapab aprann, pran lapaw\u00f2l epi patisipe k\u00f2msadwa nan lavi piblik la nan lang pa yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Chak 28 okt\u00f2b, Jounen ent\u00e8nasyonal lang ak kilti krey\u00f2l [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":21758,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-21757","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/21757","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=21757"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/21757\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":21760,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/21757\/revisions\/21760"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/21758"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=21757"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=21757"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=21757"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}