{"id":20981,"date":"2026-07-16T16:03:20","date_gmt":"2026-07-16T20:03:20","guid":{"rendered":"https:\/\/fokal.org\/?p=20981"},"modified":"2026-07-23T18:46:29","modified_gmt":"2026-07-23T22:46:29","slug":"kwapetwoma-yon-pyes-teyat-ki-louvri-dyalog-sou-twoma-ak-gerizon","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/kr\/2026\/07\/16\/kwapetwoma-yon-pyes-teyat-ki-louvri-dyalog-sou-twoma-ak-gerizon\/","title":{"rendered":"\u00ab KWAPETWOMA \u00bb : yon py\u00e8s teyat ki louvri dyal\u00f2g sou twoma ak gerizon"},"content":{"rendered":"\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-e8bb226d967eb476955195c1fc11cfbe wp-block-paragraph\">Pale de twoma nan yon peyi kote katastw\u00f2f ak kriz pa p\u00e8m\u00e8t moun rale souf, se pa yon detay. Se yon p\u00f2t louvri sou chimen gerizon ki gen tout enp\u00f2tans li. Se nan lide sa a, Association 4 Chemins, ki se patn\u00e8 <strong><a href=\"https:\/\/www.facebook.com\/nouvel.fokal\/\">FOKAL<\/a> <\/strong>nan pwoj\u00e8 <strong><a href=\"https:\/\/www.facebook.com\/lekolnoufokal\">Lek\u00f2l Nou<\/a><\/strong>, te reyalize 3 reprezantasyon py\u00e8s teyat \u00ab\u00a0<strong>KWAPETWOMA\u00a0<\/strong>\u00bb. Prezantasyon sa yo te f\u00e8t pandan mwa jen an devan pr\u00e8ske 300 el\u00e8v, paran ak pwofes\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-ed0e2161b13ee46e81bf52bdd27cc0b7 wp-block-paragraph\">\u00ab\u00a0Kwapetwoma\u00a0\u00bb mete an s\u00e8n yon manman k ap viv ak yon andikap apre li te fin p\u00e8di yon bra nan tranblemmant\u00e812 janvye a, ak yon pitit fi li k ap fete aniv\u00e8s\u00e8 l. Se de moun k ap soufri, men soufrans yo poko rankontre, paske yo kache d\u00e8y\u00e8 b\u00e8l souri ak sousi lavi toul\u00e8jou. Men aniv\u00e8s\u00e8 pitit fi a, pral yon okazyon pou pete abse a.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-e3eed2241b21d474de3741be37808078 wp-block-paragraph\">Sa ap f\u00e8t nan doul\u00e8, paske manman an pa ka rive kalme pitit li, ni ofri l sa l ap mande a: yon kote pou l ka poze t\u00e8t li epi viv lavi li k\u00f2m yon j\u00e8n fi san li pa oblije ap kouri toutan, san li pa p\u00e8 pou bandi pa anvayi kote yo ye a ank\u00f2. Se pa paske manman an pa vle ofri l sa, men li p\u00e8 pou nan kouri pou lapli li pa al tonbe larivy\u00e8. Paske se pa premye fwa latwoublay nan peyi a f\u00f2se yo kouri kite katye yo, kite kay yo, pou depoze ti pak\u00e8t yo yon l\u00f2t kote.<\/p>\n\n\n<div class=\"wp-block-image\">\n<figure class=\"alignleft size-full is-resized\"><img data-opt-id=80768674  fetchpriority=\"high\" decoding=\"async\" width=\"1000\" height=\"667\" src=\"https:\/\/mlyxgxtnturq.i.optimole.com\/cb:qlek.f51\/w:auto\/h:auto\/q:mauto\/f:best\/https:\/\/fokal.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/twoma-2.png\" alt=\"\" class=\"wp-image-20987\" style=\"width:573px;height:auto\"\/><\/figure>\n<\/div>\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-ed3a7bd1ca6ab11d6c6c21eb6b190d41 wp-block-paragraph\">Apre anpil pale, yon ev\u00e8nman pral deklanche nesesite pou medam yo chape poul yo pou sove lavi yo. Sa pral oblije yo retounen nan peyi manman an pou yo ka rale yon souf. E se nan moman kote lespri yo pi poze a yo pral rann yo kont jan chay twoma yo t ap pote a te lou sou do yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-bdb8dcf7e0b5cf19c88b7e5f15322f89 wp-block-paragraph\">KWAPETWOMA mete pwojekt\u00e8 sou plizy\u00e8 reyalite: fason katwastw\u00f2f natir\u00e8l ak vyolans moun pwovoke pa bay tan pou reprann souf nan peyi a; fason anpil moun ap viv ak gwo doul\u00e8 y ap pote nan k\u00f2 yo ak nan lespri yo chak jou, san yo pa ka rive jwenn posibilite pale sou sa; epi fason dinamik lavi nan fanmi ak nan sosyete a pote mak twoma sa yo moun ap trennen.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-8cb037df8fd69fd3d6be8140ba36a733 wp-block-paragraph\">Men sitou, py\u00e8s teyat la montre premye etap pou w f\u00e8 fas ak doul\u00e8 yo epi pran wout gerizon an k\u00f2manse ak lapaw\u00f2l. E se sa ki ta pral p\u00e8m\u00e8t medam yo, ki t ap viv yo chak nan pw\u00f2p mond pa yo ak pw\u00f2p doul\u00e8 pa yo, rankontre, konprann ak soutni youn l\u00f2t, epi rekon\u00e8t yo toulede ap pote menm chay twoma akoz eksperyans yo te viv yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-black-color has-text-color has-link-color wp-elements-df6047d0c4e1ade403d5a1b5e5b536f3 wp-block-paragraph\">\u201cKwapetwoma\u201d pa yon espektak ki f\u00e8t pou f\u00e8 moun ri, men li s\u00e8vi ak ri pou rakonte, eksplike epi f\u00e8 konprann reyalite anpil moun nan sosyete a. Se yon rap\u00e8l sou nesesite pou moun ki sibi eksperyans twomatik yo jwenn yon fason pou pale de doul\u00e8 yo. Se yon envitasyon tou pou nou reflechi sou yon l\u00f2t fason pou viv nan peyi a, kote mwens moun ak kontinye pote chay toma pou kont yo, epi kote plis moun rive pran konsyans sou fenom\u00e8n sa pou yo akonpanye moun ki bezwen sa.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pale de twoma nan yon peyi kote katastw\u00f2f ak [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":20984,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-20981","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/20981","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=20981"}],"version-history":[{"count":5,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/20981\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":21000,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/20981\/revisions\/21000"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/20984"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=20981"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=20981"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=20981"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}