« Les jeudi de la danse »

Konpayi dans Jean René Delsoin nan kad sezon 2010-2011 li mete sou pye yon aktivite ki rele « Les jeudi de la danse » ke li reyalize nan pwòp espas li ki pote non Jean Antoine René Delsoin. Espas sa a chita nan ri Klèvo, Petyonvil. Pwogram « Les jeudi de la danse » ki jwenn sipò Fondasyon Konesans ak Libète-FOKAL se yon seri de sware eksperimantasyon dans an Ayiti pandan lap montre divèsite ak metriz ki genyen nan ekspresyon kò. Se an menm tan yon espas ki kreye pou pèmèt Jean René Delsoin ak lòt nouvo koregraf montre kreyasyon yo bay piblik la ki ka tou gen chans koze avèk kreyatè yo apre reprezantasyon yo.

Konpayi dans Jean René Delsoin egziste depi nan lane 2006 li soti nan sant de dans ki pote menm non ak konpayi an. « Les jeudi de la danse » fèt avek 6 koregraf, 33 kreyasyon , 11 reprezantasyon e li fèt yon fwa pa mwa. Piblik la ka pran yon abònman pou tout yon lane pou li wè espektak yo oswa li ka peye nan baryè a.

Pwochèn « Jeudi de la danse » la ap fèt jedi 23 desanm »

Pou plis enfòmasyon ou ka rele nan :

25 12 15 55 / 34 63 43 67

www.jeanrenedelsoin.com

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com