Sant dokimantasyon Roussol Lauture

Sant dokimantasyon Roussol Lauture enstale kò li nan Dekayèt yon lokalite Kafoufèy. Sant lan ap bay popilasyon zòn nan sèvis depi preske 14 lane. Pwojè sa a lanse sou inisyativ Rodolph Mathurin ak plizyè lot edikatè ak pwofesyonèl. Men se tout moun nan kominote a ki te enplike tèt yo pou sa kapab reyisi, paske yo te konprann nesesite ki te genyen pou pèmèt timoun ak jèn yo jwenn yon espas kote yo ka resevwa konesans, kote tou yo kapab devlope kapasite entelektyèl yo ak talan yo. Fo nou di zòn Dekayèt la pat gen okenn bibliyotèk osinon espas kiltirel konsa.

Sant Roussol Lauture komanse fonksyone tou piti gras a kotizasyon manm fondatè li yo. Nesesite pou pèmèt pwojè a vanse pi lwen toujou e pote yon vrè repons a bezwen jèn yo, te fè reskonsab yo kontakte FOKAL. Fondasyon an te konprann sans pwojè a, li te aksepte reponn positivman pou sipòte sant lan. Se konsa, depi 1999 jouk jounen jodi a, FOKAL kontinye chak ane reponn a bidjè fonksyoman sant lan.

Sant Roussol Lauture se youn nan pi piti bibliyotèk zòn Potoprens ki nan rezo FOKAL. Li gen de animate ak yon koodonatè kap jere li. Se yon batiman ki gen twa sal ladann. Li gen plas pou resevwa apeprè 25 lektè. Pòt li louvri lendi pou rive samdi 9è nan maten pou rive 5è nan lapremidi. Li gen anviwon 1340 dokiman disponib pou piblik la. Yon douzen jèn pase nan sant la chak jou. Se sitou jèn elèv lekòl ki frekante bibliyotèk la men gen inivèsitè tou.

Ekip sant lan kwe li enpotan pou yo kapab ede jèn yo pwogrese nan eksprime talan yo, se pou sa yo fè anpil jefò pou favorize aktivite animasyon ak pwodiksyon nan sant lan. Depi 2002, aktivite manyèl vin yon priyorite pou yo, kote yo òganize atelye seramik ak timoun. Pami lòt aktivite yo fè tou ak pi piti yo gen travay rekiperasyon, desen ak penti. Sant lan oganize tou konferans chak mwa pou manm li yo. Dapre animate yo, sant lan gen yon gwo mank pa rapò ak dokiman. Yo ta swete jwenn plis liv pou lekte yo, sitou liv, jwèt ak revi pou timoun.

Non Roussol Lauture a se non yon pèsonaj ki te abite lakou kote sant lan ye a. Li te sipòte jefò ki tap fèt pou mete sant lan sou pye. Roussol Lauture te vivan toujou lè fondatè sant lan yo te deside ba l pote non misye. Dapre youn nan reskonsab sant lan, misye te yon modèl pou lòt moun, se te youn moun ki te mennen yon vi senp. Li te gen anpil respè pou moun e yo te respekte l tou. Roussol Lauture mouri nan dat 6 novanm 2006.

 

Nou swete ekip Sant dokimantasyon Roussol Lauture an anpil kouraj nan travay yap fè nan mitan kominote Dekayèt la.

Men adrès sant la:

Sant Dokimantasyon Roussol Lauture

89 enpas Prevo, ri Snelak, Petit Dekayèt, Kafoufèy

    

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com