Klèb lekti BMC a ap reflechi sou Pòtoprens

Klèb lekti bibliyotèk Monique Calixte la vle fè 2 kabès sezon sa a. Pandan l ap ranpli misyon prensipal li ki se ankouraje jèn yo rete nan liv, li vle tou pote yo reflechi sou pwoblèm vil yo, espesyalman sou ka pòtoprens lan. Se nan entansyon sa a, l’ap tanmen yon kokenn chenn aktivite pou manm li yo ki rele :  « Il était une fois Port-au-Prince... ». Aktivite sa k ap kòmanse nan mwa oktòb la ap gen 2 etap ladan l.

Premye etap la se ap yon kolonn kozman ak otè liv imajinasyon ki pale de Pòtoprens, ak istoryen ki travay sou istwa vil la epi ak espesyalis zafè vil. Nan kozman sa yo, jèn yo ap ranmase enfòmasyon sou jan Pòtoprens te ye, sou moniman ki gen anpil enpòtans pou kilti peyi a. Tout kozman yo ap fèt lakay otè yo. Kote jodi a gen anpil polemik nan mitan jenerasyon yo, Klèb la twouve deplasman sa a, se yon jès senbolik ki gen anpil respè pou pi gran yo.

Apre kozman yo, se ap yon lòt etap, kote jèn yo pra l gade sou tèren an kisa ki rete nan ansyen pòtoprens la. Yo pral nan mize yo tou, pou gade kisa ki konsève nan memwa vil sa. Jèn klèb lekti yo gen pou responsablite pou pataje eksperyans sa ak lòt jèn nan lekòl yo, ak nan vwazinaj yo epi sansibilize yo sou jan nou jere vil nou yo.

Klèb la ap anvizaje yon ekspozisyon liv ak foto sou Pòtoprens kote k ap genyen pwojeksyon dokimantè ak temwayaj ansyen moun Pòtoprens sou jan lavi te ye lontan nan vil la. Pati sa a t ap pèmèt nou touche plis moun ki pa manm klèb la nan aktivite a. Men tout kondisyon teknik yo poko klè pou reyalizayon sa a.

Klèb lekti BMC a rete kwè inisyativ sa a ap pèmèt manm li yo rantre Pòtoprens nan enterè yo epi grandi ak yon pwojè pòtoprens lan tèt, sa vle di yon jan yo ta renmen pòtoprens ye. Klèb la konte sou otè ak espesyalis yo pou reyisit aktivite sa a.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com