Kreyasyon asosiyasyon ayisyèn pwofesyonèl liv yo

Nan dat 8 sektanm ki te pase a, yon reyinyon pou kreye Asosiyasyon ayisyèn pwofesyonèl liv yo te fèt nan Karibe convention center. Li reyini enstitisyon k ap travay nan domèn liv la : edisyon, enprimri, libreri, bibliyotèk, distribitè elatriye.. Yon ventèn patisipan soti diferan oganizasyon sèktè sa yo te prezan nan reyinyon sa.

Ide asosyasyon sa chitasou twa konsta. Premye konsta : peyi dayiti vann epi pwodui liv. Pou ankouraje pwodiksyon lokal sa, fòk gen yon amelyorasyon teknik ak kalitatif de liv yo. Pou nou rive nan rezilta sa fòk sektè piblik ak prive yo mèt tèt ansanm pour devlopman metye sa yo a tout bon vre.

Asosiyasyon sa gen plizyè objektif : bay metye ak kilti ki chita sou liv plis valè ; itilize zouti ak mwayen pou pèmèt devlopman metye a ; kreye yon espas kolektif pou fòmasyon, echanj ak reflèksyon sou diferan pratik pwofesyonèl yo ; defann entere sektè a nan tout nivo (jistis, taks, ladwàn) ; ede nan kreyasyon yon politik nasyonal pou liv ak lekti piblik.

Nan reyinyon kreyasyon asosiyasyon a, patisipan yo te li epi adopte stati yo epi apre yo te vote 5 manm konsey administrasyon a. Prezidan asosiyasyon a se Herard Jadotte (Presses Universitaires d’Haiti). Lòt manm yo se: Ilona Armand (Editions haïtiennes Editha), Stéphanie Armand (Nota Bene Editions), Charles Tardieu (Editions Zemes) et Elizabeth Pierre-Louis (Fondasyon konesans ak libèteiberté). Konsey la gen yon manda de lane.

Asosyasyon an tou pwofite voye bay tout òganizasyon ki ta enterese yon envitasyon vin manm. Pou plis enfomasyon ekri adrès si la : Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser..

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com