Pwojè « Vague du futur » : evènman ki pral vini

14 klèb nan pwojè « Vague du futur » a, ap prepare yo pou yo reyalize, chak klèb bò kote pa li nan mwa kap vini yo, yon gwo jounen enfòmasyon ak sansiblizasyon sou yon pwoblem ke jèn yo ap konfronte nan kominote kote yap viv aprè tranbleman de tè 12 janvye a. Chak klèb ap chwazi sijè ak dat pa l pou li fè jounen an.

Jou sa a, chak klèb ap òganize plizyè aktivite tankou konferans-deba, ekspozisyon, entèvensyon nan medya, pwojeksyon fim... pou sansiblize kominote a sou sijè ke yo ap trete a. Moun nan chak kominote yo ap konnen kilè, kijan ki kote ak pwogram jounen an gras ak afich, bandwòl, depliyan kap disponib pou sa, epi laprès ap envite tou.

Jounen enfòmasyon ak sansibilizasyon sa yo gen pou objektif : fè konnen travay ke jèn yo ap fè nan klèb pa yo ; sansiblize ak enfòme kominote pa yo ak zotobre yo sou pwoblèm jèn yo ak aksyon sitoyen ke yap mennen ; fè lòt jèn vinn patisipe nan klèb yo pou yo ka fè aksyon sivik ; envite otorite yo, nan nivo lokal kòm nan kapital la, devlope pwogram ak politik piblik pou ki satisfè bezwen jèn yo, e ki ap favorize patisipasyon pa yo.

Jounen sa yo se yon okazyon pou jèn yo manifeste angajman yo sou pwoblem kolektif sitwayen yo, ak volonte ke yo genyen pou bay jarèt nan konstwi demokrasi nan peyi Dayiti.

Lè jounen sa yo fini reyalize, FOKAL ak Dwa e Demokrasi (D&D) espere ke lòt jèn ap enfòme de aksyon epi ak vinn patisipe nan klèb yo, ke gran moun yo ak zotobre nan chak kominote yo ap byen konnen bezwen jèn yo, bay bezwen sa yo enpòtans yo ak pou yo apiye tout demach pou satisfè bezwen sa yo.

Depi kounye a, chak klèb bò kote pa yo, ap travay di pou yo prepare jounen enfòmasyon ak sansiblizasyon pa yo. FOKAL ak D&D ap bay chak klèb tout sipò teknik ak lajan ke li ap bezwen pou l resi jounen sa a.

Jean-Gérard ANIS, Koòdonatè pwojè « Vague du futur » 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com