Expo-vente d’Afrikarib à FOKAL

La designer Yverose Moïse vous invite à une expo-vente de ses dernières créations du jeudi 8 au samedi 10 décembre 2016, de 10 h am à 5 h pm, sous la tonnelle de FOKAL.

 

DSCN1229 Web largeAfrikarib gen 21 lane depi l ap pote kontribisyon l nan sa nou rele laboratwa kilti peyi a ki se tradisyon zansèt yo kite pou nou.

Nan mwa novanm 1995, yon gwoup zanmi  pote kole refleksyon ki t ap travèse yo pou mete sou pye yon enstitisyon ki rele :" AFRIKARIB". Se te fason pa yo pou te di si Lafrik met ansanm ak Karayib ankò sou tè Dayiti, yo ka fè MEVEY. 

Depi lè sa a yo chache konprann pi byen kisa tradisyon peyi a ye (tankou jan pwovèb la di : "mache chache pa domi san soupe"), yo kreye nan sa yo jwenn yo epi yo pote yon pwent modènite (kreyasyon se don, fòk moun toujou kreye). Yo pran konbinen de bagay sa yo epi yo pwodui yon Mòd pou AYISYEN abiye yon jan ki pa nou. Se pou sa pou lane 2016 la nou wete chapo n byen ba pou nou di yon gwo Mèsi pou sous sa a nou te rantre ladan l. 

Ane sila a ankò, nou vini ak yon nouvèl koleksyon ki rele LAKILTI SAN PRAN SOUF, se pou nou  te ka met lakilti devan nan tout sa n ap fè. 

Lane 2016 te difisil anpil men nou la. Tankou chak lane depi ou dizenn lane, FOKAL bay AFRIKARIB opòtinite pou l ekspoze devan piblik la sa li gen nan dyakout li. Konsa depi jedi 8 desanm 2016 pou rive samdi 10 desanm 2016, AFRIKARIB ap nan FOKAL yon lòt fwa ankò ak tout nouvèl kreyasyon finismann lane 2016 la. 

Se pou sa nou di tout moun mèsi davans pou vizit yo jou sa yo. Paske nou konn deja AFRIKARIB LA SE NOU !

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com