EKSPO/VANT AFRIKARIB NAN FOKAL

 

vente AfrikaribAFRIKARIB tankou chak finisman lane nan FOKAL ap prezante piblik la nouvèl koleksyon li ki rele : « Kilti nou, se fòs nou ». Ekspozisyon vant la ap fèt anba Tonèl FOKAL la, 15, 16 ak 17 novanm 2017, soti 10è nan maten pou rive 5è nan lapremidi. 

 

Nou envite tout zanmi la kilti pou reponn prezan pou ankouraje jefò voye tradisyon peyi nou monte. Nan koleksyon sa a gen rad pou fanm ak gason epi kèk modèl pou timoun. Bouch an bouch youn di lòt, fè pawol la mache.

Kontak : Yverose Moise 3786- 7768 – Imel : Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

Nan mwa novanm 1995, dezanmi, ki toujou ap reflechi sou ki plas tradisyon genyen nan lavi pèp ayisyen, te mete kanpe AFRIKARIB. Non sa a te vle di tou senpman lè Lafrik rankontre ak Karayib yo fè mèvèy.

Nan mache chache epi eseye konprann nou te vizite anplil rakwen nan peyi a, tankou Lagrandans, Latibonit, Nò, Sidès.

Nou pale ak grandèt nan diferan lakou, nou fouye nan sa ki te ekri déjà. Nan brase lide sa yo nou jwenn mo Lafrik Ginen toujou tounen.

Sa te pouse nou fè yon kout pye sou Kontinan Afriken an. Peyi Dahomen, ki se Benen jodi a, te pote anpil repons. Peyi Ginen ak Senegal te pote repons pa yo. Apre chak demach ki antreprann nou pran yon tan pou nou reflechi. Nan mete enfomasyon yo ansanm pou kontinye, nou vin konprann nesesite mete sou pye yon aktivite ekonomik pou travay la vanse pou pi devan, pou bati otonomi nou.

Sitou lè gen pou tounen pote sak jwenn yo bay lezòt yo tankou lakou, inivèsite, òganizasyon ak asosyasyon kap travay sou la kilti.

Konsa « AFRIKARIB kreyasyon ak pwodiksyon » vin kanpe.

Aktivite sa a te gen pou objektif prezante  pwodiksyon ki fèt nan peyi a nan ekspozisyon/vant pou rantre lajan.  Nou chwazi travay sou konfeksyon rad ak akseswa mòd.

Jefò sa a depi lane 2000 te mennen AFRIKARIB al patisipe nan anpil ekspo/vant nan peyi Karayib yo ki gen kilti ki sanble ak pa Ayiti.

Chak ane depi kondisyon yo reyini nou prezante 4 ekspo/vant nan plizyè vil peyi a tankou Jeremi, Okap, Jakmèl, epi Pòtoprens.

Se konsa pawòl la pale, li mennen nou òganize ekspo/vant nans dyaspora a tankou Nouyòk, Miyami, ak Montreyal.

Nan lane 2010 se AFRIKARIB ki te reprezante Ayiti nan yon aktivite espesyal ki te rele :

« La patria grande »

Ke yo te mete kanpe nan peyi « Argentine ». tout 20 peyi Amerik Latin yo te prezan. Nan ekspo/vant sa a Rara Endyen Abriko te ede anpil, pase se pèp otoktòn ki tap prezante pwodiksyon atizanal li nan domèn abiman ak mòd tradisyonèl .

Pandan 8 lane kòm manb « Femmes Créations et Productions » Afrikarib toujou prezante nouvote l yo  nan ekspo/vant ki fèt nan diferan otel nan Potoprens.

Pou chak finisman lane se ak anpil plezi Afrikarib prezante yon nouvo koleksyon nan Pòtoprens ak kolaborasyon FOKAL nan lakou FOKAL.

Ane sa a AFRIKARIB vini ak ekspo/vant li ki rele : « Kilti nou, se fòs nou »

AFRIKARIB ap tann tout moun ki toujou la chak ane, epi bouch an bouch, youn di lòt pou fèt la ka pi bèl.

Nap pwofite okazyon sa a pou nou voye yon gwo « AYIBOBO » pou kilti ak tradisyon peyi nou.

 

BIOGRAPHIE  - YVEROSE MOISE

Yverose Moïse née à Port-au-Prince Haïti en novembre1952 a fait ses études classiques en Haïti. Puis  elle a étudié les Sciences Humaines à l’ULB (Université Libre de Bruxelles) en Belgique. Elle a travaillé comme stagiaire à l’intégration des étudiants étrangers au pays.

Comme conseillère au département « Adult Continuing Education » à York Collège CUNY (City University of New York), elle a travaillé pour l’intégration de réfugiés (Afghans, Erythréens, Haïtiens et Cubains) dans le pays d’accueil USA.

De retour en Haïti en 1986,  elle a travaillé à l’UNICEF comme consultante pour les services de base intégrés dans la plaine de Léogâne. Et ensuite au BIT (Bureau International du Travail) comme assistante technique en appui aux petits métiers en milieu rural, Jacmel, Boukan Bélier, Thomassique, St Raphael.

Elle a travaillé à l’UNICEF au Sénégal et au Cameroun comme consultante affectée aux services de base intégrés.

De nouveau de retour en Haïti en 1995, avec des amis elle a fondé  AFRIKARIB, une institution qui a pour but de travailler à la promotion de la culture et des traditions dans le pays.

Grâce à cette longue expérience d’encadrement de personnes de culture différente dans les pays d’accueil, elle a développé un attrait particulier pour les questions culturelles de peuples de traditions différentes.

Les voyages à l’intérieur du pays dans le cadre des différents postes occupés l’ont mise en contact direct avec les détenteurs de la tradition du pays, particulièrement dans les lakous.

Cette démarche lui a permis de se rapprocher du vodou, et par là mieux comprendre la place de cette légation des ancêtres autochtones et africains dans la vie de tous les jours des Ayitiens.

Depuis, designer autodidacte, en collaboration avec des  artisans bijoutiers, tailleurs,  couturières, elle travaille dans la production de mode et accessoires pour la sortie de collections lors des différentes expositions qui se tiennent tant en Ayiiti qu’à l’étranger.

Au-delà de la mode avec Afrikarib elle participe à des échanges, conférences et causeries, sur les questions d’ordre culturel et traditionnel à travers le pays.

Actuellement ses recherches se concentrent sur les efforts consentis par les ancêtres pour léguer aux Ayitiens « la priyè ginen » encore intacte après toutes ces générations.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com