CECREJ selebre 15 zan !

cecrej logoCentre Culturel et de Recherche pour l’Epanouissement de la Jeunesse (CECREJ) fete kenzyèm anivèsè kreyasyon li jounen lendi 21 novanm 2016 la. Depi lane 2001 lè li te kreye, sant sa fè pati rezo bibliyotèk FOKAL, nan misyon fondasyon an pou rann bon enfòmasyon aksesib pou kominote yo.

CECREJ twouve li nan nimewo 9, Dikini 63 nan komin Kafou. Li ofri plizyè kalte sèvis tankou lekti sou plas, prete liv, aksè ak entènèt pou fè rechèch, animasyon  kiltirèl ak lòt ankò. Nan okazyon sa, reskonsab pwogram bibliyotèk FOKAL yo te fè deplasman pou al patisipe nan seremoni selebrasyon 15 lane ekzistans la menm jan ak plizyè dizèn lektè fi tankou gason ki te vini pou temwaye jan espas la ede yo nan etid yo ak jan li ba yo bourad pou derape ak karyè atis yo epi ede yo ale pi lwen.

N ap pataje ak ou yon moso nan diskou direktè ekzekitif sant la pou sikonstans la: 

Mesyedam gwo diyitè leta komin Kafou yo

Distenge envite ak zanmi Fondasyon Konesans ak Libète yo

Onorab direktè ak pwofesè lekòl nan komin Kafou

Distenge manm Komite Jesyon CECREJ

Distenge envite manm tout gwoupman ak asosyasyon patnè CECREJ yo

Mesyedam zanmi rezo bibliyotèk kominotè FOKAL yo

Fanm vanyan ak gason vanyan pèsonèl CECREJ yo

Tout manm bibliyotèk CECREJ, etidyan, elèv lekòl, zanmi, sipòtè, elatriye

Mwen wete chapo m byen ba devan w pou m salye w e pou m di w kijan mwen kontan paske w la avèk nou jodi a pou n selebre ansanm gwo jou sa a ki make kenzyèm anivèsè kreyasyon “Centre Culturel et de Recherche pour l’Épanouissement de la Jeunesse (CECREJ). Wi, jodi a fè CECREJ 15 rekòt kafe depi l ap akonpaye jèn nan komin Kafou nan divès kalite domèn tankou edikasyon, fòmasyon, sansibilizasyon epi rive bay jèn yo espas pou yo devlope talan yo ak sans kreyativite yo nan domèn kiltirèl ak atistik.

Istwa CECREJ se istwa vizyon yon jèn travayè sosyal te genyen pou l itilize konesans li ak konpetans li pou l sèvi kominote l. Jèn travayè sosyal sa a te kwè tou nan yon seri valè ki fè moun se moun toutbon tankou disiplin, onètete, pèseverans ak mete enterè kominote w pi wo pase enterè pa w, fanmi oubyen kan pa w. Li te kwè tou nan pouvwa edikasyon, ak enstriksyon ak liv genyen pou transfòme lavi moun ak sosyete a. Konsa, ak konkou fanmi pò defen ekriven Ernst Jean-Baptiste ki te fè don plis pase 1,500 liv ak bourad lajan FOKAL, li te rive mete kanpe jou ki te 21 novanm 2001 an yon bibliyotèk kominotè pou ede etidyan ak elèv lekòl nan komin Kafou.

Lè n te wè enterè ak agouman jèn yo te manifeste pou prezans bibliyotèk la nan kominote a, sa te pouse n travay plis toujou ak zanmi nou yo nan FOKAL pou n ofri yo plis sèvis toujou tankou: reyalize pwogram animasyon, mete kanpe klèb literè ak klèb lekti, fè konferans deba sou sijè ki konsènen jèn yo, fè sansibilizasyon nan lekòl yo, elatriye. Nan ane 2004, twazan aprè l fin louvri, CECREJ t apral reyalize youn nan pi gwo pwojè l yo ki se mete sou pye yon Cyber Centre ki t apra l bay tout kominote a ak jèn yo aksè ak entènèt plis lòt zouti teknolojik pou yo fè rechèch ak prepare devwa yo.

Toujou nan ane 2004, CECREJ te reyalize yon lòt gwo pwojè ankò. CECREJ te jwenn sipò lajan nan men Programme des Nations Unies pour le Developpement (PNUD) pou reyalize yon kokennchenn pwojè sou anviwònman nan komin Kafou. Dènye etap pwojè sa a te fini, lè nan jou ki te 5 Jen 2004 la, yon gwoup jèn ki te sòti nan divès lekòl nan komin nan te patisipe nan yon jounen rebwazman nan zòn Rivière Froide. Nan okazyon sa a, jèn yo te plante plis pase 5 mil pye bwa sout tèt sous Rivière Froide. Pwojè sa te montre aklè angajman CECREJ te pran pou bay patisipasyon pa l nan koze anviwònman nan peyi a.     

Yon lòt bò, CECREJ te vin konprann li pa ka travay poukont li san l pa enplike lòt aktè nan kominote a ki pou ride l atenn objektif li. Konsa, CECREJ te wè l nesesè pou l devlope bon jan relasyon patenarya ak direksyon lekòl yo nan komin nan, ak gwoupman ak asosyasyon lokal yo, ak lòt enstitisyon ki nan rezo FOKAL yo ki nan lòt zòn nan peyi a.  Nou chèche devlope relasyon ak kèk estrikti leta tankou Ministè Edikasyon Nasyonal, Ministè Kilti, Bibliyotèk Nasyonal, Meri Kafou, Akademi Kreyòl Ayisyen, elatriye. Nou menm chèche devlope relasyon ak kèk òganis entènasyonal tankou PNUD, Anbasad Frans, Anbasad Venezyela, pou n site sa yo sèlman. Pandan n ap fete jodi a, nou fyè pou n di CECREJ fè yon bon travay nan kad misyon l pou l bay jèn yo ankadreman.

Sepandan, CECREJ pa t ap ka rive akonpli gwo travay sa a san sipò tout lòt aktè nan kominote a tankou direktè ak pwofesè lekòl yo, asosyasyon ak òganis patnè nou yo. N ap salye angajman fanm ak gason vanyan k ap travay nan CECREJ pou bay jèn yo sèvis tankou animatè yo, responsab seksyon kiltirèl la, administrasyon ak ti pèsonèl la ki li menm fè anpil efò pou kenbe espas la pwòp pou akeyi izaje yo. Se moman pou n di tout manm pèsonèl la mèsi pou sèvis yo.

N ap remèsye Komite Egzekitif la an patikilye Enjenyè Nazaire Sainvil ak Ekonomis Wissmon Germain pou sipò yo. Se lokazyon tou pou n di zanmi nou yo nan FOKAL yon kokenchenn mèsi. Pa gen CECREJ san Fondasyon Konesans ak Libète. Latè tranble, van soufle, lavalas desann, FOKAL toujou la pou CECREJ tankou yon poto mitan ki kore n pou n pa janm tonbe. N ap remèsye prezidan fondasyon an Madan Pierre-Louis ak Direktris Egzekitif la Madan Mangonès ki te fè n konfyans depi premye fwa nou te kontre ak yo nan lane 2001. N ap remèsye zanmi nou nan “Programme des Bibliothèques” la - mwen vle pale de Erick ak Elizabeth - ki pa janm lage n, ki toujou kite zòrèy yo louvri pou tande n lè n gen pwoblèm epi bann mwayen pou n kontinye travay. N ap salye tou tout zanmi nou yo ki fè pati rezo bibliyotèk pwoksimite FOKAL yo, sitou sila yo ki tonbe anba men mouche siklòn Matye. M ap di nou bon kouray - se bite n bite, men nou pa p tonbe!

Kisa CECREJ genyen anplis nan djakout li pou jenès Kafou a pou ane k ap vini yo? Apre kenzan, li pa nòmal pou yon enstitisyon tankou CECREJ k ap bay kominote a sèvis kontinye ap peye lwaye byen chè. Pandan kenzan si sot pase yo, nou deja peye plis pase 70.000 dola vèt pou lwaye sèlman san konte anpil lajan ki depanse pou fè reparasyon pou kenbe espas la prezantab pou izaje yo. Lajan sa a te ka sèvi pou n konstwi yon lokal ki rele CECREJ chè mèt chè mètrès. Kidonk, m ap lanse yon apèl ak tout yon  defi bay otorite lameri Kafou yo an patikilye majistra a pou ede CECREJ jwenn yon teren leta pou l konstwi yon bèl sant kiltirèl pou kontinye sèvi jenès Kafou a. N ap lanse menm apèl sa a bay tout patnè yo, bay zanmi nou yo nan FOKAL pou ede n jwenn gwo bourad lajan pou n reyalize pwojè sa a. Nou vle selebre ventyèm anivèsè CECREJ an 2021 nan lokal nou. Èske meri Kafou ak FOKAL ka ede n leve defi sa a? Èske jèn yo vle sipòte pwojè sa a? Nou pra l mete yon bwat espesyal nan CECREJ ki make “CECREJ Objectif 2021”. Nou envite chak jèn, chak zanmi pou depoze yon adoken oubyen plis pou montre angajman n ak sipò n pou pwojè sa a.

CECREJ ap travay sou yon pwojè prese prese ki rele “Centre d’Appui Psychosocial à la Jeunesse (CAPJEN). Se yon sant k ap la pou ede tout jèn nan komin nan jere pwoblèm ak kriz y ap fè fas tankou pwoblèm sikolojik, pwoblèm mantal, pwoblèm konpòtman, kriz emosyonèl, elatriye. Sant sa a ap anplwaye pwofesyonèl sikològ ak travayè sosyal pou akonpaye jèn yo lè yo nan pwoblèm sitou sila yo ki te viktim nan katastwòj 12 Janvye 2010 la. Sant lan ap mete disponib yon liy telefòn ijans k ap la 24/24 pou tande jèn k ap travèsè gwo kriz emosyonèl. Li pra l travay sere sere ak lekòl yo, ak paran yo, ak sistèm jistis la, ak òganizasyon dwa moun yo pou akonpaye jèn ki viktim abi fizik ak abi seksyèl. Dokiman pwojè sa a pare deja - nou pra l kòmanse prezante l bay tout patnè nou yo pou nou jwenn finansman pou mete sant sa a sou pye nan ane 2017 la.

Nan okazyon selebrasyon 15 rekòt kafe sa a, CECREJ ap renouvle angajman l devan jenès Kafou a pou l di l l ap toujou kanpe bòkote l. Ak sipò zanmi nou yo nan FOKAL, n ap kontinye fè tout sa k posib pou n bay jenès la sèvis, pou ride l jwenn bonjan ankadreman pou l  epanouyi. Se nan sans sa a, n ap mande tout moun, tout sektè pou kore CECREJ, pou bay patisipasyon n pou reyalize pi gwo rèv nou nan ane 2021. Se konsa sèlman n ap kontinye travay ansanm pou yon lòt jenès, pou yon lòt Ayiti.

Bòn fèt tout moun e mèsi anpil pou prezans ou ak atansyon w...    

Nikerson Frederique

Direktè Egzekif CECREJ

21 novanm 2016

  

        

 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com