Solidarite : Haitian Ladies Network ak One diaspora

Nan ribrik sa, Nouvèl FOKAL deside kominike sou aksyon individyèl ou byen kolektiv kap fèt an Ayiti oubyen aletranje pou ede viktim tranblemanntè 14 dawou 2021 ak Tanpèt Grace.

Jodi a nou pral prezante 2 platfòm ki pran nesans yo nan dyaspora a.

 

Haitian LadiesHaitian Ladies Network

  • Se yon platfòm fanm Ayisyen ki nan tout peyi nan lemonn pou yo konekte, aprann youn de lòt, konstwi yon kominote, pataje enspirasyon epi selebre kilti ayisyèn. Lè tranblemanntè a frape Ayiti, Haitian Ladies Network te santi yo te byen pozisyone pou yo te ka pataje leson nou aprann nan katastwòf pase yo, anplifye travay òganizasyon Ayisyèn ki gen eksperyans e ki enspire konfyans ap fè sou plas. Konsa li posib ede yo direkteman. Klike la pou swiv paj Facebook yo.

Nan dimanch 22 dawout ki te pase a yo te òganizè yon konferans vityèl ki te rele :  “ Where did my donation go?”Kote don mwen fè ? Envite yo se te reprezantan Inivèsite Quisqueya, FOKAL, Zanmi Lasante ak Haitian Renewal Alliance. Leonie Hermantin, Direktris Devlopman, Kominikasyon ak planifikasyon nan  Sant La Haitian Neighborhood Center (Miami) te moderatris la.

Ou ka swiv deba sa an angle sou Facebook.

 

one diaspora logo websiteOne diaspora

Haiti Renewal Alliance ak International Organization for Migration, asosye ak BHA kreye yon platfòm pilòt ki konekte ak platfòm HDERU (Haitian Diaspora Emergency Response Unit) pou kreye yon pi bon kòdinasyon ant òganizasyon diaspora yo nan domen risk ak dezas.

Diferan òganizasyon k ap opere an Ayiti ka enskri tèt yo sou platfòm sa.

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com