Fotografi / Konkou : otopòtre Ayiti

EM22Kisa imaj kote nou pran tèt nou nan foto di sou nou, ak sou sosyete kote nou ap viv la? Se sou baz kesyon sa a FOKAL, atravè pwogram medya li a, envite fotograf ayisyen an Ayiti tankou nan dyaspora a, nan yon travay kreyasyon lè yo patisipe nan yon konkou otopòtrè soti nan 30 avril rive 7 jen 2020 a minwi.

Yon pòtrè tèt nou, nou menm ankò nou pran, ki bay enfòmasyon non sèlman sou idantite nou, men tou sou sitiyasyon, kontèks nou ap viv ladan an, e atravè idantite sa ki bay enfòmasyon sou kominote nou ap viv ladan li a.

Plis pase yon sèlfi, otopòtre a eksplore konsèp “kijan nou defini tèt nou” e pou sa li jwe ak pèsonaj yo, senbòl ak estereyotip yo. Otopòtre a kapab mobilize listwa ak memwa kolektiv. Otopòtre a montre sa ki pèsonèl la politik tou.

Inisyativ sa eseye soutni nan sektè fotografi a, yon refleksyon sou divès idantite ayisyèn yo, atravè yon analiz pwofon tèt nou, nan moman anpil nan nou blije fè egzèsis sa a akoz konfinman an.

Men kèk kontanporen ki fè otopòtre ki selèb :

Zanele Muholi

Cindy Sherman

Samuel Fosso

Nobukho Nqaba

Omar Victor Diop

Martin Parr

Emilie Régnier ak seri li a : How do you love me

Lebohang Nkagnye ak seri li a: Ke Leka Lafa – Her story

 

RÈG KONKOU A

Fotograf ayisyèn ak ayisyen, pwofesyonèl tankou amatè (k ap viv an Ayiti oswa nan dyaspora a) gen jiska 7 jen pou yo patisipe nan konpetisyon otopòtrè sa.

Pou sa, ranpli fòmilè sou sit entènèt FOKAL la ak enfòmasyon sa yo:

- Yon biyografi kout, oswa CV ou.

- Yon tèks ki eksplike apwòch ou a.

- Yon lyen pou telechaje imaj ou yo. Lyen sa a dwe aksesib san l pa mande yon otorizasyon. Imaj yo dwe pou pi plis 2500 piksèl nan longè, ak 300 DPI pou plis.

Non dosye yo ta dwe swiv fòmil sa a:

  • NON _ TIT IMAJ (pou imaj ki poukò yo)
  • NON _ TIT SERI A _ NIMEWO IMAJ LA (pou imaj ki nan yon seri)

- Deskripsyon ki akonpaye imaj yo.

Chak imaj dwe akonpaye ak yon ti deskripsyon ki genyen ladan: non otè a, dat imaj la pran, kote li pran an, e petèt yon tit.

Patisipan an dwe ajoute deskripsyon imaj li a, menm si li pa ba l yon tit. Li dwe endike kibò (katye, komin, peyi) ak kilè imaj la reyalize. Patisipan an ka ekri sou yon fòm deskriptif osinion literè. Nan ka yon seri, li kapab ekri kèk liy pou detaye apwòch li pou chak imaj.

Kondisyon

Li otorize pou itilize Photoshop, ak teknik kolaj. Nou aksepte foto ki pran avèk telefòn tou.

Otè yo dwe bay fondasyon dwa pou itilize imaj li an (yo) nan kad kominikasyon konkou an (difizyon sou rezo sosyal fondasyon an ak sou sit entènèt, difizyon nan ti liv) men yo rete pwopriyetè zèv yo a.

Kategori

Gen de 2 kategori: yon foto endividyèl ak seri foto. Nan kategori seri a, se yon seri ki pa depaman, ki gen ladan li pou pi pitit 3, pou pi plis 10 otopòtre. Yon patisipan kapab genyen yon sèl fwa e li pa ka postile nan tou 2 kategori yo .

Jiri a gen ladan li : Ralph Dupoux, Axelle Liautaud, Nicola Lo Calzo, Tessa Mars, Emilie Régnier, Roberto Stephenson ak Paolo Woods.

Rezilta yo ap anonse 15 jen, nan imèl moun ki genyen yo ak lòt patisipan yo, e y ap sou rezo sosyal FOKAL yo tou.

Pri yo :

Kategori yon sèl imaj

1ye pri: 300 USD + 1 liv foto

2yèm pri: 200 USD + 1 liv foto

3yèm pri: 100 USD + 1 liv foto

Kategori Seri (3 a 10 imaj)

1ye pri: 600 USD + 1 liv foto

2yèm pri: 400 USD + 1 liv foto

3yèm pri: 200 USD + 1 liv foto

 

Lòt lyen ak enfòmasyon yo ale pi lwen:

  • Otopòtrè fotografik.
  • Ou kapab chèche tou otopòtrè Robert Mapplethorpe oswa travay Rosana Paulino.
  • Bò kote atis pent yo: eksplore travay Rembrandt, Kahlo, Van Gogh, Schiele, Munch, ki te travay anpil sou pòtre pwòp tèt yo, e ki kontribye nan renouvèlman stil la. Pent ayisyen tankou Mario Benjamin te travay sou ide sa tou.
  • Koute bèl pwogram nan " « Les chemins de la philosophie » " ki pale sou otopòtrè Rembrandt la.

Kredi foto : Emilie Régnier, How do you love me 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com