ANONS : NOU FÈMEN POU PIBLIK LA

Logo fokalNan kontèks jan pandemi kowonaviris COVID 19 la ap evolye rapidman nan monn lan - ak nan rejyon Amerik ak Karayib la -, FOKAL ap enfòme tout moun li kanpe tout aktivite piblik li yo apati madi 17 mas sa pou rive 31 mas 2020 an. Lè dat 31 mas la rive, nou ap refè evalyasyon sitiyasyon an, dapre enfòmasyon ki ap disponib yo, pou nou deside.

Tout aktivite piblik ki te pwograme nan sal FOKAL-UNESCO a yo, menm jan nan lòt espas FOKAL yo, kanpe. Piblik la pap kapab gen aksè ni a bibliyotèk Monique Calixte la, ni a bibliyotèk nan sant kiltirèl Katherine Dunham lan (CCKD), ni a bibliotaptap la, jiskaske nou sòti yon nòt ki bay yon enfòmasyon diferan de sa.

Apre nou pran tan pou reflechi epi konsilte medsen ak espesyalis nan domenn epidemi pou pran rekòmandasyon yo - mele avèk rekòmandasyon Open Society Foundations yo -, nou deside konfòme nou ak dispozisyon sa yo san pran tan, yon fason pou pwoteje piblik nou a e tou prevni pwopagasyon maladi a.

Administrasyon FOKAL la ap kontinye fonksyone, menm si yon pati nan ekip la ap travay a distans. Batiman an ap fèmen pòt li jiska 31 mas. Men n ap toujou resevwa korespondans ak rapò yo, e nou ap aksesib nan email nou, osinon atravè sit entènèt nou, nan ribrik Contactez-nous an.

Nap pwofite raple jès pou popilasyon an aplike pou anpeche maladi a pwopaje, jan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Gouvènman an ak Lakwa Wouj rekòmande yo :

 

Nou dwe genyen yon konpòtman responsab e solidè ak lòt moun yo. : Pwoteje tèt nou e pwoteje yo tou.

  • Lave men ou regilyèman avèk dlo ak savon. Lè sa pa posib, itilize yon « hand sanitizer».
  • Pou touse, estène, krache, mouche nen w, itilize yon mouchwa ou ka jete apre. Lave men ou an apre.
  • Si ou pa gen mouchwa, touse oubyen estène anndan koud ou.
  • Evite manyen je ou, nen ou ak bouch ou.
  • Salye youn lòt san nou pa bay lamen, pa kore nonplis, ni pa bo. Evite akolad. Men sa pa dwe anpeche nou eksprime solidarite nou anvè moun anfas nou yo. An nou mete an pratik imanite nou nan moman eprèv sa yo. Se moun nou tout ye.
  • Kenbe yon distans omwens yon mèt avèk lòt moun yo, sitou si y ap touse, estène osinon yon gen lafyèv.
  • Netwaye tout sifas nou itilize regilyèman.
  • Byen kuit vyann ak ze, ak tout lòt pwodui ki soti nan bèt.
  • Evite tout gwo rasanbleman ki pa endispansab.
  • Pran swen pwòch ou ak lòt moun ki pi menase avèk kowonaviris la. Ankouraje yo pou yo pa deplase kite lakay yo.
  • Si nou montre sentom yo (difikilte pou respire, tous ak lafyèv) rete lakay nou. Pinga ale nan kote nap kontre ak lòt moun. Pa monte machin piblik. Evite kontak ak lòt moun. Kontakte yon doktè, oubyen yon kote yo bay sèvis lasante.

Pataje mezi prevansyon yo ansanm avèk moun nan lantouraj nou ak sou rezo sosyo yo. Pran distans ak move enfòmasyon kap sikile yo. Fè yon jefò pou verifye tout enfòmasyon ki pa sòti nan yon sous ofisyèl.

An nou rete solidè youn ak lòt, an nou pwoteje sa ki pi vilnerab yo, an nou enfòme bò kote sous nou ka fè konfyans. Se nan ede youn lòt, nan solidarite ak nan responsabilite nap travèse moman difisil sa.  

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com