FOKAL ba w randevou nan Purchase College (New York) 14 ak 16 novanm nan

afich SUNYFOKAL ap prezan nan "(T)HERE: A Global Festival of Arts, Culture & Ideas presents: Haiti", sou kanpis Purchase College, SUNY, nan New York, soti 14 pou rive 16 novanm sa.

Ane sa a, festival sa ap fè yon fokis sou Ayiti, atravè konferans, pwojeksyon fim, pèfòmans ak lòt pataj nan domèn atistik, nan diferan espas sou kanpis inivèsite a.

Nan jedi 14, direktris FOKAL la, Lorraine Mangonès, ap fè yon chita pale ak piblik la sou travay fondasyon an ap fè nan sipòte moun k ap goumen pou pote chanjman nan sosyete Ayisyèn nan. Aktivite sa ap fè nan lokal "The Buffert, Admissions center", soti 4 pou rive 5 è nan lapremidi.

Nan samdi 16, FOKAL ap reprezante ankò nan diskisyon piblik k ap fèt ansanm ak divès òganizasyon kominotè ki baze an Ayiti ak Etazini, sou tèm : « Kijan demen ap ye an Ayiti: chita pale ak òganizasyon sou teren yo ». Diskisyon sa ap fèt nan lokal Upper Lobby, The Performing Arts Center, apati 2:00 pou rive 5è nan lapremidi.

Piblik la ka patisipe nan tout aktivite yo.

Klike la pou plis enfòmasyon sou evenman yo sou sit la.

Klilke la pou pwogramasyon festival la an kreyòl Klilke la pou pwogramasyon festival la an kreyòl 

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com